Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Danje “gaz lakrimojèn” ka koze sou sante moun

Danje "gaz lakrimojèn" ka koze sou sante moun
Photo: Richard Pierrin | Juno7

Si n ap refere n ak definisyon Wikipedya, nou kapab di yon gaz lakrimojèn se yon sibstans chimik ki chwazi paske toksisite li fèb epi ki konsidere kòm yon zam ki pa letal ki vle di li pa ka tiye moun.

An Ayiti, anpil moun fè konesans ak sa ki rele gaz lakrimojèn lan. Pa menm bezwen pale pou manifestan oubyen militan ki toujou ap mobilize epi ki souvan repouse pa ajan UDMO oubyen CIMO pa anpil kout gaz lakrimojèn.

Itilizasyon sibstans sa konn fè moun vomi, touse, gen kò grate, je brile, menm djayi atè lè gaz la twòp. Dèfwa gen moun (obsèvatè) ki pa konn kont polisye yo lè yo bay gaz la paske daprè yo foul la konn difisil pou jere, men gen anpil moun ki konn kritike konpòtman fòs lòd yo ki konn itilize gaz lakrimojèn lan twòp san pa vrèman gen okenn derapaj, daprè yo.

Itilizasyon gaz sa konn fè menm lopital, lekòl, moun k ap pase konn pa epanye tèlman anpil gaz voye nan espas la oubyen van pran l pote l ale.

Èske gen danje sou sante moun ki souvan ap respire gaz sa? Ki prekosyon ki dwe pran? Redaksyon jounal la te fè plizyè rechèch konbine sou sijè sa epi pote kèk eleman repons.

Gaz lakrimojèn moun plis konnen se iritan okilè 2-chlorobenzylidène malonitrile, chloroacétophénone, dibenzoxazépine, oléorésine.

Efè gaz lakrimojèn nan ka gen sou ou

Nan yon etid “Association française de Toxicologie-Chimie” te reyalize, li detaye konsekans itilizasyon gaz lakrimojèn lan ka gen sou sante. Yon etid, plizyè atik nan jounal peyi Frans te detaye n ap envite w dekouvri kèk konsekans

Malozye, keratit ki se maladi zye epi katarat tou. Maladi sa yo ka vini paske gaz la an kontak ak zye a lè li ap pwopaje, ki kapab pwovoke konplikasyon sa yo.

Gen posiblite pou demanjezon, ou gen sansasyon kò w ap brile w.

Sistèm respiratwa a se li k plis touche. Konsekans yo ka vini a lavni. Pami konsekans yo gen opresyon torasik, difikilte pou respire ak tous ou kapab genyen sitou an ivè lè tan an frèt. Sa ka rive ou devlope yon bwonchit kwonik ki pi elve. Etid yo menm revele lè w ekspoze ak gaz la anpil gen risk pou gen yon “Oedème pulmonaire”.

Nan peyi Etazini, depatman Sante nan New Jersey ankouraje manifestan ak moun ki ekspoze ak gaz lakrimojèn yo pou ale kay doktè nan objektif pou f on bilan medikal fwa ak ren yo.

Kèk konsèy pou lite kont gaz la

-Pa mete krèm sou po w ni okenn lòt sibstans gra yon fason pou gaz la pa ret sou po a ki ka koz li grate w anpil.

-Pote mas gaz sitou pou jounalis yo ki souvan ekspoze ak gaz lakrimojèn.

-Yon foula oubyen sèvyèt ki mouye ak vinèg oubyen sitwon ap bon.

-Pa fwote je w.

-Lèt enpòtan pou lave figi w.

Dekouvri plis:

Matris Liberasyon écrit à António Guterres pour dénoncer le support de l’ONU au pouvoir en place

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu