Connect with us

Hi, what are you looking for?

Immigration

Detay sou “Darién”, yon forè danje anpil migran pase pou eseye rantre Etazini

Detay sou "Darién", yon forè danje anpil migran pase pou eseye rantre Etazini
Credit Photo: Journal de Montréal

Detay sou “Darién”, yon forè danje ki sitiye l ant fwontyè Panama ak Kolonbi, anpil migran ayisyen kou etranje pase pou eseye rantre Etazini.

Nan espere rive sou bout tè peyi Etazini, anpil migran pami yo asiyen toujou pase nan jeng “Darién”, yon espas ki gen anpil danje men migran yo toujou tante chans fè l.

Jeng sa sitiye l ant fwontyè Panama ak Kolonbi, nan yon rechèch konbine redaksyon Juno7 la fè sou jeng sa, se yon forè  ki gen 160 kilomèt an longè epi 50 kilomèt an lajè. Jan nou di pi wo, li twouve l ant fwontyè ki separe Kolonbi ak Panama. 

Darién gen anpil trafikan ki baze ladan l paske se yon kote otorite prèske bliye, nan travèse espas sa vi migran yo konn an danje lè move chans pou yo y ale tonbe sou nakotrafikan ki konn pran tout sa yo te gen sou yo. 

Enfòmasyon menm revele konn gen ka anlèvman nan espas sa, otorite p ap ka fè anyen pou ou, ou lage 2 bra balanse sou kont “Bondye bon”, Nan yon atik jounal linfo.re pibliye, li fè konnen menm GPS pa mache depi w nan espas sa, pa gen okenn rezo telefòn, ki vle di ou poukont ou.

Anpil move bèt nan jeng Darién

Si migran yo ap fè fas ak nakotrafikan, vòlè oubyen ravisè, yo gen yon lòt pwoblèm ankò ki pandye sou tèt yo se move bèt ki twouve nan forè sa ki danje tou. Enfòmasyon fè konnen gen gwo arenye ak gwo koulèv si yo pike moun ki ka tiye w rapid vit. Migran yo eksplike anpil fwa yo fè fas ak move bèt nan jeng sa, men sa pa anpeche yo toujou kontinye wout yo.

Selon enfòmasyon yo melanje ak temwanyaj kèk migran, ou pran 2 jiska 3 jou pou travèse forè sa. 

Pou byen fè pakou difisil sa anndan jeng sa, gen yon seri moun ki la ki pèmèt yo travèse, moun sa yo gen yon non ki rele “coyotes”, nan lagaj kreyò la nou te ka rele moun sa yo pasè oubyen travèsè. Ou dwe ba yo 300 dola ameriken pou yo fè wout la ak ou.

Malgre danje ki gen nan forè sa, moun ki toujou ap mouri swa pa katouch trafikan, grangou epi bèt konn pike yo, sa pa anpeche plizyè milye moun travèse li chak ane pou fè rèv ameriken an vini yon reyalite.

Migran sa yo soti an Afrik, Ayiti, Brezil, Kiba, Nikaragwa, elatriye. An 2015, anviwon 25 000 migran te rejwenn Panama pou ale Etazini, tout te oblije pase pa jeng sa.

Detay sou "Darién", yon forè danje anpil migran pase pou eseye rantre Etazini

Credit Photo: Journal de Montréal

Dekouvri plis:

Fonds BRH pour la Recherche: date limite pour la soumission des demandes fixée au 30 septembre

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Immigration

Crise migratoire: au moins 500 enfants étrangers ont été expulsés vers Haïti, selon l’Organisation internationale pour les migrations (OIM) Selon un rapport publié par...

Immigration

USA: dix migrants Haïtiens et deux dominicains arrêtés alors qu’ils tentaient d’atteindre Porto Rico Les garde-côtes américains ont arrêté dix Haïtiens et deux Dominicains...

Actualités

Les migrants sont peut être porteurs du VIH : une autre sortie raciste de Trump sur Haïti. L’ancien président américain Donald Trump connu pour...

Immigration

Mauvais traitements infligés aux réfugiés haïtiens aux USA : Un  double affront précise le FSCIH  Le Forum de la Société Civile Haïtienne (FSCIH) condamne...