Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Dosye Jovenel Moïse: aktyèl DG BSAP Jeantel Joseph dwe reponn kesyon lajistis dapre ansyen PM Claude Joseph

Dosye Jovenel Moïse: aktyèl DG BSAP Jeantel Joseph dwe reponn kesyon lajistis dapre ansyen PM Claude Joseph

Pou ansyen premye minis Claude Joseph, aktyèl Directè Jeneral BSAP Jeantel Joseph dwe reponn kesyon lajistis nan kad dosye Jovenel Moïse la.

Prezidan konsèy estratejik pati politik Angaje pou Devlopman, Claude Joseph fè yon gwo soti nan kad dosye ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse la. Sou kont X li, ansyen premye minis lan fè konnen direktè ANAP la, Jeantel Joseph dwe konte nan lis moun ki dwe reponn kesyon jij kap enstwi dosye a.

Nan piblikasyon l lan, Claude Joseph fè konnen okenn moun pa dwe kache dèyè pouvwa yo oubyen pran daso sou mouvman popilè yo pou mawon lajistis ki deside tande yo sou krim 7 jiyè 2021 an. « Pa konte sou mwen. Prezidan Jovenel dwe jwenn jistis. Prezidan Jovenel ap jwenn jistis. » se sa li kontinye ekri nan piblikasyon l lan.

Fòk nou souliye, jedi 7 desanm 2023 a, Claude Joseph te reponn kesyon jij Walther Wesser Voltaire nan kad ankèt kap mennen sou lanmò Jovenel Moïse la. Pandan l t ap kite kabinè jij la, li te deklare gen anpil moun kap travay pou prezidan an pa jwenn jistis men malgre sa li rete kwè yon jou tout verite ap devwale.

Dosye Jovenel Moïse: aktyèl DG BSAP Jeantel Joseph dwe reponn kesyon lajistis dapre ansyen PM Claude Joseph

À lire aussi :

Roodlet Augustin champion de la première édition du prix Marc Anderson Brégard

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Face à la montée de la violence, le Conseil Présidentiel de Transition (CPT) a adopté une résolution visant à renforcer la sécurité publique. Le...

Actualités

Gen 5 ajan BSAP ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis. 3 lòt arive jwenn arestasyon yo epi lapolis sezi yon machin yo....

Actualités

Le gouvernement haïtien dans une note interdit aux agents de BSAP de circuler avec des armes à feu à partir de ce lundi 29...

Actualités

Dénonçant la révocation de Jeantel Joseph à la tête de l’ANAP, des agents de BSAP sèment la pagaille dans la ville de Ouanaminthe. La...