Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon elèv NS1 lekòl Mè Charite Sen Lwi tante tiye tèt li paske li pa pase

Yon elèv NS1 lekòl Mè Charite Sen Lwi tante tiye tèt li paske li pa pase
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Yon elèv NS1 nan lekòl Mè Boudon tante tiye tèt li paske li pa pase, swivi sikolojik gen pou fèt pou li

Yon elèv ki nan NS1, nan mè Charite Sen Lwi anpil moun konnen sou non mè Boudon, te tante swiside tèt li jodi lendi 5 jiyè 2021 pandan yo t ap bay kanè.

Nan yon videyo ki t ap sikile sou rezo sosyo yo montre elèv la an inifòm, sou tèt lekòl la kanpe pou voye kò l anba. Sa ki te fè anpil moun afole, rele anmwe , paran lòt elèv ki te twouve yo nan espas la.

Redaksyon Juno7 la te rive sou plas kote sè Yverose Lazarre t ap eksplike pou fè konnen elèv sa pa t arive fè mwayèn jeneral ke lekòl la mande a. Li fè yon mwayèn 4, 42 premye fwa, yon lòt mwayèn 5,51 pou 2è kontwòl epi yon lòt mwayèn 4,95. Mwayèn sa yo pa t rive bay mwayèn jeneral lekòl la mande a pou monte nan klas siperyè, kote bilan total pa l la se 4,83, pandan ke lekòl la mwayèn jeneral la dwe 5,50 daprè eksplikasyon direktris la.

Yon elèv NS1 lekòl Mè Charite Sen Lwi tante tiye tèt li paske li pa pase

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Se la tou elèv la pete pòt li monte, li pran dènyè etaj lekòl la epi fè tantativ pou mete fen ak lavi li, san ke responsab lekòl yo pa t okouran li t ap pwodui aksyon sa.

Manman an ki sou plas te eseye ramne li a la rezon, élèv yo tou ta pral fè l kalme li nan lide pou pa kite l pwodui aksyon tiye tèt li an.

Gen swivi sikolojik ki gen pou fèt pou li, toujou daprè sè Yverose Lazarre, paske lekòl la gen espesyalis pou sa.

Anndan lekòl la lè w pa pase, prensip la yo fè w double epi pran randevou ak paran w si l deside fè pitit li double oubyen chache lòt lekòl pou li.

En savoir plus:

Sur 36 accidents, STOP-Accidents dit avoir enregistré 17 morts et 82 blessés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Petit-Goâve: un adolescent de 12 ans s’est suicidé avec une arme à feu Wilgens Kerry Jean Jacques, âgé de douze ans, s’est suicidé le...

Nécrologie

Christine Alizé Jean-Jacques, la fille aînée de l’homme d’affaires Éric Jean-Jacques, s’est suicidée à New York. Christine Alizé Jean-Jacques, fille aînée de l’homme d’affaires...

Éducation

La ministre de l’Education nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a effectué une visite de solidarité au Collège St Louis de Bourdon La...

Éducation

Le Ministère de l’Education nationale et de la Formation professionnelle condamne l’attaque perpétrée contre le Collège St Louis de Bourdon Le ministère de l’Education...