Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ey! Fanm, met granmoun sou ou!

8 mas se pa yon dat pou fete fanm, se pa yon dat nonplis pou bay fanm kado, se pito yon dat ki mande refleksyon, ki mande brase lide sou pwoblèm k ap brase bil fanm yo anndan sosyete yo. San di petèt n ap viv nan yon sosyete kote fanm blije goumen anpil pou mete tèt yo deyò, gason depi lontan kenbe tout espas yo -ekonomi, politik, edikasyon, kiltirèl…- anba men yo. Pou medam yo rive jwenn yon grapday se nan batay, kidonk dat 8 mas pral simante yon latriye batay fanm yo fè pou rive jwenn plas anndan sosyete yo kote se gason sèl zèfèyis.

Se nan batay pou dwa yo fanm yo rive poze sele sou dat 8 mas la, pou di aklè, dat sa jwenn sous li nan yon ansanm lit fanm yo t ap mennen toupatou sou fas tè a. Jounen espesyal sa jwenn mak fabrik li nan lit fanm ouvrièz yo pou dwa vòt yo nan Nò Amerik la ak an Ewòp. 2 gwo evènman make orijin jounen 8 mas la, « Woman’s Day » ki te fèt nan peyi Etazini ak « Journée des femmes » nan kontinan Ewòp nan kòmansman 20e syèk la. Jounen 8 mas la vin pran yon koulè entènasyonal, nan lane 1917, yon ti kras avan rejim Tsar yo te tonbe, kote yon latriye fanm te pran lari nan peyi « Russie » pou manifeste pou lamanjay ak pou mari yo ki ale nan lagè tounen lakay yo. Evènman sa te fèt yon dènye dimanch mwa fevriye nan kalandriye peyi « Russie » sa ki koresponn ak 8 mas nan kalandriye gregoryen modèn nan. Konsa nan lane 1921, Prezidan Lenine konsakre jounen 8 mas la kòm jounen fanm yo. Yon dizèn lane apre anpil lòt peyi an Ewòp ak nan lòt rejyon nan mond lan pral swiv desizyon gwo potorik gason sa, y ap konsakre 8 mas kòm jounen pou komemore lit fanm yo. Se konsa jounen entènasyonal fanm yo kale, nan batay pou dwa vòt, pou lamanjay, kont dominasyon gason sou tout fòm, nan lit pou fanm yo jwi dwa yo kòmsadwa anndan sosyete yo. Li enpòtan pou nou ajoute, tout batay pou mete fanm yo kanpe doubout anndan sosyete yo, pèmèt yo jwi dwa yo kòrekteman se batay òganizasyon sosyalis osnon pouvwa sosyalis yo mennen jouk nou rive gen 8 mas kòm jounen entènasyonal fanm yo.

Fanm ann Ayiti p ap rete bèkèkè nan batay pou jwi dwa yo kòm moun k ap viv anndan yon sosyete, yo te lite menm jan ak anpil fanm nan lòt peyi. Premye batay yo pral tanmen tout bon nan lane 1934, ak « Ligue Féminine d’Action Sociale », yon òganizasyon fanm Madeleine Sylvain Bouchereau yon avoka militan nan koze dwa fanm te fòme ak kolaborasyon plizyè lòt fanm kote yo te rive tabli òganizasyon sa nan plizyè rejyon nan peyi a.

Se apati lane sa batay fanm nan peyi a kòmanse byen chapante kote medam pote kole pou rive jwenn yon menm objektif kise : chanje chapant sosyete ayisyen an pou pèmèt fanm yo jwi menm dwa ak gason yo.
Pandanstan, se nan lane 1950, sou Prezidan Dumarsais Estimé premye kongrè nasyonal fanm ayisyen yo pral fèt sou lobedyans menm fanm vanyan sa madam Bouchereau. Kongrè a te tanmen 10 pou bout 15 avril 1950, te gen anpil etranje pwogresis ki te patisipe ladan l, sa kite bali yon dimansyon entènasyonal. Lig la te mennen batay li yo nan divès sektè anndan sosyete a espesyalman nan sektè ledikasyon ak politik. Konsa nan lane 1957, fanm yo pral jwenn dwa pou vote, premye lise pou tifi konstwi epitou se nan menm epòk sa fanm yo vin jwenn posiblite pou antre nan inivèsite. Tout sa se rezilta anpil batay, se pa kado sosyete a te fè medam yo.

San di petèt, nan lane 1957, kote medam yo jwenn dwa yo pou chwazi dirjan yo nan eleksyon, menm lane sa ta pral vini ak rejim bout di Duvalier yo, kote tout kouch sosyal nan sosyete a ta pral sibi represyon, prizon melanje ak zak sasinay san parèy, kidonk, medam yo pa t epanye. Men yo te kontinye batay, kontinye òganize yo anbachal pou pote revandikasyon kont yon sosyete k ap toupizi yo jouk nan zo. Se vre batay medam yo te pran yon gwo pataswèl nan peryòd sa men yo te rive kenbe kanmèm.

1986, rejim bout di Duvalier yo tonbe, fanm yo tounen ak plis detèminasyon nan lit pou yon soysete ekilibre, konsa anpil òganizayon fanm pral ponn, y ap travay nan prèske tout domèn:, edikasyon, lakilti, dwa fanm elatriye. Anplis, nan lane 1991, sou gouvènman kite dire yon ti bout tan Jean Bertrand Aristide la, medam yo te jwenn yon gwo rezilta nan batay y ap Mennen, sete yon ministè k ap defann dwa fanm ak tifi epi fè pwomosyon pou yon sosyete kote fanm ak gason egal-ego. Menm si ministè sa gen tout limit li, prezans li ak minimòm kontribisyon li ka pote se yon gwo pa nan konstriksyon yon sosyete ekilibre.
Depi kèk tan anndan sosyete nou an, n ap asiste ak yon seri fenomèn degrenngoch, kote tout valè yo ap degrenngole, sosyete ayisyen an pèdi wout li. Pa gen lonè respè anko, kanta pou fanm yo menm yo pèdi tout valè yo anndan sosyete a. Tout jouman se pou fanm, mizik rabòday se sou fanm, vyolans lan tèlman fò sou yo pafwa menm yo menm twouve l nòmal pou mennaj yo, mari yo wonfle yo. Jèn tifi lage 2 bra balanse nan kouche pou lamanjay, pou peye kay, pou peye lekòl ak inivèsite. Anpil fwa, menm si medam yo gen konpetans, yo kalifye, pou jwenn yon djòb yo konn blije kouche sou do, patwon ak kòlèg ki pa respekte fanm, ki pa respekte tèt yo toujou ap fè tizonnay sou yo.

Anndan yon sosyete kote fanm yo pi plis epi se yo k ap sibi, èske nou ka gade 8 mas la tankou yon jounen pou fete ? anndan yon sosyete kote fanm sa yo ki ti machann, ki sèvant, ki manman ki papa tou, èske 8 mas la ka yon jounen pou distribye kado epi sa rete la? anndan yon sosyete kote imaj fanm tounen machandiz, kò yo pa gen okenn valè ankò, èske nou ka selebre 8 mas nan griyen dan ?
Nou pa konnen, men sa k sèten, 8 mas la kise jounen entènasyonal fanm nan, se yon dat ki kale nan batay fanm ouvriyèz toupatou sou latè, se yon dat kote fanm yo deside pran dwa grandèt yo, se yon dat kote fanm yo ap reklame dwa yo, yon sosyete ekilibre kote fanm yo jwi menm dwa ak gason. Kidonk, 8 mas la dwe charye tout sans li nan brase lide, nan refleksyon nan pwofondè pwoblèm k ap kwape avansman fanm yo sou chimen pou rive ekilibre chapant sosyete yo tout bon vre. Pou sa rive fèt fanm yo dwe pote kole nan batay pou rebay 8 mas plas li nan listwa kòmsadwa nan lit y ap kontinye mennen pou jwi dwa pandan y ap chanje kondisyon lavi yo.

 

[views]

Plus de contenu

Éducation

Une bourse d’étude dédiée exclusivement aux femmes haïtiennes: la “Bourse Intel pour les femmes haïtiennes”. “University of the People“, une université américaine entièrement online,...

Actualités

Le prix “FANM ANGAJE POU AYITI 2021” est décerné à la journaliste Marie Raphaëlle Pierre Port-au-Prince , Haïti .- A l’occasion de la célébration...

Société

Non! le 8 mars n’est pas la fête des femmes! Toutes les années, la journée du 8 mars est dédiée à la lutte pour...

Société

En prélude au 8 mars, Centre Kaizen dévoile un documentaire qui promeut le leadership féminin. Port-au-Prince , Haïti .- Le leadership féminin, le combat...