Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Fantom 509 nan lari, 2 machin boule sou Lali

Fantom 509 nan lari, 2 machin boule sou Lali

San zatann, gwoup Fantom 509 pran lari jounen vandredi 20 novanm lan san vrèman moun pa t konnen motif soti san zatann sa.

Fantom 509 nan lari, 2 machin boule sou Lali

Nan pasaj yo sou Lali, 2 machin arive boule nan zòn sa, tou prè imigrasyon. Yo mete dife nan tèt yon trelè ki kanpe an kwa nan mitan lari a ki fè sikilasyon an paralize.

Ekip Fantom 509 la pran lari pou kontinye egzije meyè kondisyon pou polisye yo. Pandan pasaj yo, te gen yon van panik kote paran t ap kouri al chache pitit yo lekòl, machin t ap kase tèt tounen apre anpil detonasyon lè yo t ap pase.

Nan moman atik sa t ap ekri, gwoup Fantom 509 la te mete tèt yo an direksyon ba Lali, kote yo te vire ale bò ministè jistis, plizyè machin leta boule, chif yo ta bay anviwon 9.

Pou kounya, yo ap monte anwo Dèlma pou ale Petyonvil kote yo prevwa ale vizite kay prezidan an nan Pèleren 5.

N ap raple w sa pa gen pil jou depi lapolis la gen yon nouvo direktè jeneral ki se Léon Charles ki ranplase Normil Rameau. Koze Fantom 509 la te toujou repete sou Normil Rameau nan mande bon kondisyon epi kite anprent yo nan lari a lè yo fin pase. De pwoblèm nouvo DG ta dwe gen kòm misyon pou jere pou satisfè revandikasyon gwoup sa.

Dekouvri plis:

Dosye Dadou: Jistis isit blanchi, FIFA gaye wonn lan

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Chèf gang Dèlma 95 lan, Ti Grèg, mouri aswè a aprè echanj kout zam ak lapolis. Ernst Julmé anpil moun konnen sou non Ti...

Aktyalite AN KREYÒL

Anthony Virginy Saint-Pierre, sekretè jeneral HCT a kidnape, ravisè yo kontakte fanmi pou mande ranson. Anthony Virginy Saint-Pierre, sekretè jeneral Wo Konsèy Tranzisyon an...

Insécurité

Les gangs armés sèment la terreur dans Artibonite : la population demande des mesures d’urgence pour rétablir l’ordre. La situation sécuritaire dans la région...

Aktyalite AN KREYÒL

Granm maten mèkredi 28  avril 2021 an, popilasyon nan zòn Ravin Pentad bloke wout Lali pou pwoteste kont kidnapin ki fèt sou sitwayen Manuel...