Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Gibraltar se sèl peyi nan mond lan pis aterisaj avyon kwaze ak wout machin pase

Gibraltar se sèl peyi nan mond lan pis aterisaj avyon kwaze ak wout machin pase
Getting your Trinity Audio player ready...

Pis aterisaj nan ayewopò Gibraltar kwaze ak yon wout kote machin ak moto pase.

Ayewopò nan teritwa Gibraltar se sèl ayewopò entènasyonal nan mond lan ke pis aterisaj la kwaze ak wout machin. Wout sa fèmen pandan avyon ap dekole oubyen ateri.

Ayewopò sa konstwi sou yon fòm pèpandikilè. Pis la trè kout, li mezire 1829 mèt, li ka resevwa aparèy ki nan tip “Moyen-courrier”.

Lè aterisaj oubyen dekolaj ap fèt, lapolis desann fè a pou anpeche machin pase jistan dekolaj oubyen aterisaj fin fèt.

Aksidan grav ki fèt nan ayewopò sa se te 4 jiyè 1943. 11 moun te mouri ki te twouve yo abò yon avyon B-24.

Ayewopò sa klase pami 10 ayewopò yo estime ki danje. Gibraltar se yon teritwa britanik ki kole ak Espay. Li se yon depatman doutmè (DOM), li gen 32 247 abitan. Peyi Espay toujou revandike teritwa Gibraltar kòmkwa se pou yo, li sou posesyon Wayòm Ini depi 1704.

Gibraltar se sèl peyi nan mond lan pis aterisaj avyon kwaze ak wout machin pase

Dekouvri plis:

Funérailles de Louis Baptista Laurent à Jérémie

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu