Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Gwo tansyon ant K-Dilak ak jounalis kiltirèl Westerlie !

Kisa k pase ant K-Dilak ak jounalis Westerlie nan Santo Domingo? 2 konsène yo bay vèsyon yo

Kisa k pase ant atis K-Dilak ak jounalis Westerlie Pierre Fils nan Santo Domingo? 2 konsène yo bay vèsyon yo.

Vandredi premye jiyè ki sot pase a nan Santo Domingo nan kad “Santo Domingo Carribean Festival” ki t ap fèt, plizyè moun rapòte yon ensidan grav rive kote atis K-Dilak ta mande ak sekirite espas kote aktivite a t ap fèt la pou pouse do Westerlie Pierre Fils ki se jounalis TeleMix ki konn abitye anime yon show ki rele “Sa n panse“. Maten samdi 2 jiyè a, pawòl la te gaye sou rezo a kote anpil moun t ap rapòte epi bay fè pa yo oubyen kòmante ak tò ou ak rezon. Nan sans sa, redaksyon Juno7 la te fè li devwa kontakte tou 2 konsène yo pou te kapab tande vèsyon pa yo sou koze sila.

Nan yon ti pale nan telefòn nou te genyen ak K-Dilak, atis la fè konnen li pa t nan “back stage” lè bagay la pase a jan sa ta lèse kwè sou rezo a. Li rakonte pou l di se nan yon espas prive kote yo mete atis yo li te ye epi fè konnen Westerlie Pierre Fils parèt li mande l si l ka bo l, yon fason atis la vle montre konsè jounalis la te anvi entimide l epi se la tou pil pawòl yo ta pral koumanse daprè atis la.

Westerlie bò kote pa l demanti pawòl atis la ki di li mande l si li ka bo l epi l te rantre nan espas prive kote atis yo te ye a. “M te nan back stage poukont mwen. Yo vin jwenn mwen chita anndan an. Bedjine salye m men K-Dilak pa t salye m, li di li pa nan Fake love ak moun, li pa nan medya soumoun. Li tou pwofite di m tout sa l di yo paske li di li te screen pòs la. Epi li di m konn fè vye twit sou li tou men m pa okouran de sa(twit yo)“, deklarasyon jounalis la.

Demwazèl la fè konnen atis la di l “soumoun anpil” sa l konn de vi prive l, ki dwa l pou l ap pale de li di l jalou. Li di K-Dilak menm trete l de gang k ap detwi moun. Daprè demwazèl la ak kèk moun nan antouraj li, atis la ta gen konpòtman sa aprè yon emisyon 10 minit animatris la te fè epi te pote kòmantè sou K-Dilak. Atis la ta fache epi reyaji konsa yè vandredi a daprè sa yo estime.

K-Dilak fè konnen li pa janm nan rele animatè oubyen animatris pou di yo sa yo fè a pa t bon oubyen yo pa t dwe di tèl pawòl sou li. Li fè konnen chak moun lib pou eksprime yo. Pou reponn ak sa k ap di yo, li di Westerlie pa t gen mikwo nan men li, li pa t vin fè interview, li te yon kote ak Bedjine ap pran trankilite avan yo pèfòme epi jounalis la vin pwovoke l. Li te kontinye pou l di “pou evite bri, pou sa pa rive lwen, li te jis mande sekirite espas la fè Westerlie soti paske espas la te jis rezève pou atis“.

Sou sa ki gen pou wè ak kesyon sekirite atis K-Dilak ta rele pou jounalis la, konsène a pèsiste sou sa pou di atis la fè mete l deyò nan back stage la epi menm di si yo pa fè l soti, li p ap jwe, li pral lakay li. “Lè yo rele mèt festival la, lè l vini K-Dilak di l fè yo mete m deyò. M pa t vle kraze pwogram moun yo mwen jis soti, m pa kite sekirite a manyen m“, daprè sa Westerlie Pierre Fils eksplike nou.

K-Dilak fè konnen li oblije te mande sekirite pou demwazèl la soti paske li t ap pwovoke l, rantre nan vi pèsonèl li. Toutfwa, li di sa ka rive demwazèl la twouve jès la pa t bon epi li menm ak antouraj li fè yon rezo pou di dè bagay ki pa verite. Li kalifye sa k ap di yo tou de “voye monte“. Pandan l ajoute pou l di li pa t nan kont ak Westerlie se antouraj li k ap fè dram ak sa.

Pou l konkli, K-Dilak fè konnen li gen respè pou medya paske yo sipòte l anpil ni li pa janm mete l anfas medya pou ap twit oubyen retwit sa moun di sou li. Li fè konnen fi emosyonèl, li pa nan okenn bif ak jounalis la.

Westerlie Pierre Fils sou bò pa l di l pa gen anyen ak K-Dilak pandan l fè konnen li konn pòs mizik atis la epi felisite li sou paj li pou travay mizikal li yo. Toutfwa, li konkli pou l di li pa t atann ak reyaksyon sa bò kote atis la.

Kisa k pase ant K-Dilak ak jounalis Westerlie nan Santo Domingo? 2 konsène yo bay vèsyon yo

Dekouvri plis:

Selon une étude d’une université portugaise, boire une bière par jour est bénéfique pour la santé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu