Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kalvè sitwayen yo anpil anba ponp ki deside bay gaz

Kalvè sitwayen yo anpil anba ponp ki deside bay gaz

Gwo tèt chaje anba ponp ki deside bay gaz.

Depi anviwon yon semèn sitwayen ki bezwen gazolin pou fonksyone pa ka jwenn li akoz ponp yo ki fèmen oubyen ki gen dyezèl senpman. Pwoblèm sa lakoz anpil tèt chaje nan kapital la ak kèk vil pwovens.

Jodi vandredi 22 oktòb la,  repòtè Juno7 te konstate yon ponp nan zòn metwopolitèn lan ki deside louvri pou bay gaz,  moun te anvayi espas la menm ponpis la gen difikilte pou vann pwodui a. Anpil sitwayen kanpe ak galon jòn, chofè moto se pa pale san konte moun ki nan machin ki riske pase 3èd tan nan liy avan yo ta resi jwenn yon ti gaz.

Si oparavan pwoblèm gaz la te fè resanti l, sitiyasyon an vin plis konplike aprè asosiyasyon Chofè Pwodui Petwolye yo deside kanpe travay depi yè akoz lavi yo, yo estime ki pa an sekirite selon sa yo di. Chofè sa yo plenyen paske bandi ap fè yo menas, vòlè kamyon yo, menm kidnape yo.

Dènye jou sa yo, gaz la vin pi ra, ti kote ki genyen yo monte galon an men wotè kote pri nòmal galon an se 200 goud nan ponp pandan nan enfòmal la pou w jwenn yon galon ou bezwen mil goud. Se rezon depi plizyè  jou chofè moto yo ap mennen yon mouvman bloke lari ki lakoz moun gen difikilte pou sikile. Pa gen pil machin, moun yo ap fè wout long a pye, anpil antrepriz prive kou piblik prèske pa fonksyone jodia.

Sitwayen Candio John-Ford te fè yon ti pale ak jounal la pou eksplike pwoblèm lan jan li afekte li, jèn antreprenè sa ki gen koleksyon ak moto k ap fè trafik nan lari a fè Juno7 konnen chofè oblije remèt li moto a akoz pwoblèm gaz, li p ap ka onore kontra li gen ak li pou ap peye l chak jou.

Pwoblèm gaz la pa sèlman afekte Candio, gen moun ki pa ka louvri biznis akoz kouran, EDH pa ka bay kouran, moun ki ret lwen pa ka ale travay.

Sa ki kreye fistrasyon lakay popilasyon an. Pandan ke otorite yo anonse ke gaz la dispo nan tèminal yo.

Kalvè sitwayen yo anpil anba ponp ki deside bay gaz

 

Dekouvri plis:

L’Alliance pour la Refondation de la Nation officiellement lancée

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Polis Nasyonal Dayiti anonse operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Vare. Nan yon nòt Biwo Kowòdinasyon près ak relasyon piblik lapolis la met...

Actualités

Le gouvernement dément les rumeurs de rareté de gaz et d’augmentation des prix du carburant sur le marché. Le bureau de Communication du Ministère...

Aktyalite AN KREYÒL

Imaj: Polisye yo te itilize anpil gaz pou kraze mach sitwayen yo t ap fè a jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an Yon mach...

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an, nan kad yon mach ki te òganize nan kapital ayisyèn lan pou denonse konpòtman diktati anpil sitwayen estime...