Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Le Centre D’art” te lanse yon dyalòg nan lakou Maison Dufort ak 4 atis ki soti Bèlè

Le Centre D'art te lanse yon dyalòg nan lakou Maison Dufort ak 4 atis ki soti Bèlè
Photo: Richard Pierrin | Juno7

Nan kad ekspozisyon/vant k ap dewoule nan “Maison Dufort”, depi 15 janvye pase a, Le Centre d’art nan kad randevou li òganize chak jedi pandan peryòd ekspozisyon sa, te lanse yon djalòg nan lakou Maison Dufort, yè jedi 18 fevriye a, kote asistans lan te gen chans djaloge ak 4 atis ki sot Bèlè ki se Dubréus Lhérisson, David Boyer, Johnny Cinéus ak Max Grégoire Benjamin.

Le Centre D'art te lanse yon dyalòg nan lakou Maison Dufort ak 4 atis ki soti Bèlè

Photo: Richard Pierrin | Juno7

4 atis sa yo ki t ap reponn kesyon Allenby Augustin ki t ap mennen djalòg la sou plato a, te gen chans pale de zèv yo, difikilte yo rankontre nan travay atistik yo epi pale tou sou fenomèn ensekirite ki blayi anndan katye Bèlè depi kèk lane.

Zèv 4 atis sa yo ki se pitit Bèlè fèt ak epeng titèt, glas ak lòt materyèl ki pa twò sou je ki difisil pou moun jwenn. Travay atistik sa yo, atis yo pa ka che yo enspire tou de vodou pou fè travay sa yo.

Apre djalòg sa ki te dire 1 nèd tan ak kèk minit, asistans lan te gen chans ale dekouvri tablo 4 atis sa yo nan espas ki te rezève pou ekspozisyon an anndan Maison Dufort. Moun yo te gen chans fè foto bò kote èv yo, fè videyo epi djaloge.

Aktivite sa ki rele ekspozisyon “RÈL” ap reyalize an patenarya avèk Haïti, le printemps de l’art. Aktivite sa koumanse 15 janvye a l ap bout 27 fevriye k ap vini la. Yè nan kad aktivite a, nou te ka remake prezans madam Duvivier Pierre Louis, ansyèn premyè minis peyi Dayiti sou 2e manda prezidan René Garcia Preval.

Dekouvri plis:

“Non-assistance à poésie en Danger”, yon mouvman powetik Ricardo Boucher lanse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

La PNH annonce une saisie d’arme à feu, de munitions et d’autres matériels à Bel-Air La Police Nationale d’Haïti (PNH) informe avoir réalisé une...

Culture

L’ambassadeur d’Espagne en Haïti a visité le Centre d’Art, ses collections et ses archives ainsi que la maison Larsen.   L’ambassadeur d’Espagne en Haïti...

Culture

Lancement par la Fondation AfricAméricA de l’exposition “Nway Kanpe” le samedi 12 mars 2022 à Bois-Verna La Fondation AfricAmerica a procédé le samedi 12...

Éphéméride

Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 30 novembre 2021 l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement de la mémoire....