Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pòdepè: Etzer Émile ak Marc Alain Boucicault t’ap motive jenès la sou “angajman sitwayen”

Pòdepè: Etzer Émile ak Marc Alain Boucicault t'ap motive jenès la sou "angajman sitwayen"

Regwoupman Kretyen pou yon Nouvèl Sosyete (RCNS) òganize samdi 15 me a yon konferans sou ekonomi nan vil Pòdepè anba tèm “Leadership des jeunes, engagement citoyen et développement économique”. Pou konferans sa, 2 konferansye yo se te ekonomis Etzer Émile ak PDG Banj lan ki se Marc Alain Boucicault.

Pòdepè: Etzer Émile ak Marc Alain Boucicault t'ap motive jenès la sou "angajman sitwayen"

 

Nan entèvansyon yo, Marc Alain te entèvni sou enpòtans teknoloji gen nan devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl jèn yo. Li te pran egzanp sou tèt pa li ak eksperyans li nan rezo sosyal yo ki louvri anpil pòt epi pèmèt li konstwi relasyon dirab ak patenè aktyèl li yo.

Nan konferans sa, PDG “Haïti Efficace”, Etzer Émile te ankouraje jèn yo angaje yo, pran inisyativ, okipe espas yo, òganize yo epi fòme tèt yo davantaj pou yo ka gen kapasite pou patisipe nan devlopman peyi a .

Aktivite sa te gen plis pase mil moun ki te patisipe daprè sa yon nan responsab aktivite sa Nehemie Samuel Merilien fè nou konnen. Yon aktivite ki te fèt nan oditoryòm Sonlight la.

Aktivite sa rantre nan kad pwojè RCNS kote objektif yo se edike popilasyon an sou ekonomi ak teknoloji kòm mwayen devlopman kominote a, selon eksplikasyon mesye Nehemie.

Pi lwen li fè konnen misyon estrikti a se preppare chak grenn ayisyen pou l vini yon sitwayen responsab k ap angaje l nan devlopman kominote li.

RCNS ki se yon regwouman kreryen vize òganize dezyèm edisyon Jeni Biblik ak chanpyona Entè egliz. Men selon detay Nehemie bay, estrikti a gen nan ajenda l òganize an novanm 2e edisyon Somè mondyal Lidèchip.

Pandan konferans sa, te gen ekspozisyon liv Etzer Émile epi lòt otè tankou Luckner Casseus.

En savoir plus:

Les États-Unis appellent les acteurs haïtiens à se réunir pour organiser les élections

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu