Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Pope ak moun sa w pi pito ? [PG 18+]

Depi kèk jou rezo sosyal yo chavire tèt anba ak yon koze pope k ap fè aktyalite, pope fanm ak pope gason. Pope blan, pope mens, pope nwa, pope gra, pope gwo tete, pope ti tete, pope gwo douvan, pope ti douvan, pope tout kalte. Wi, se pa ti pope tèt sèk pou timoun jwe pou nwèl, se pope an plim de pan an penpan pou fanm ak gason pran plezi. Men nan 2 a se pope fanm nan ki pote lamayòl. An reyalite pope sa se yon zouti seksyèl, kidonk yon materyèl pou bay plezi, pou pran plezi lachè, yon jwèt pou eksite fanm kou gason.

Anpil kesyon ap poze, eske pope sa ka bay plezi menm jan ak yon fanm ? eske l dous menm jan ak yon fanm ? eske se pa yon lòt fòm laponyèt k ap devlope ? rezo sosyal yo anboulatcha, medam yo mande anraje, mesye yo menm fè konnen gras ak pope sa kounye a y ap fè yon sèl depans epi zafè jalouzi a fini, kretyen yo menm rele anmwey abominasyon ! nou nan dènye tan an… Ebaw !

​Mesye yo di pope yo gen tout sa yon fanm genyen, sitou kounye a medam yo atifisyèl anpil deyò a : fo tete, fo cheve, fo douvan, fo sousi, kidonk yon ansanm atifis ki pa depaman ak pope yo, sa ki rann medam yo estomake anpil sitou sa ki rete natirèl yo.

Men kounye a kote pwoblèm nan chita? kòman moun konprann koze fè bagay ? Pou kèk moun, fè bagay se yon maranday kò ak kò, yon pataj santiman ak emosyon, yon melanj youn antre lòt, kote moun k ap fè l yo ap eseye bay patnè yo plezi pou fè l jouke nan septyèm syèl jouk li manyen Jezi. Nèg ak fanm ki konprann fè bagay tankou yon pataj pran san yo pou bay plezi, yo pa pote boure, karès yo konn tanmen depi nan pwent zòtèy pou rive nan très chive. Karès sa yo, eske yon pope ka bay yo? Eske yon wobo pwograme ka bay yo?

Koupe se bagay ki paka pwograme, souvan jan l ap fèt la pa planifye davans, sa rive se sou pakou kanaval la dèyè yon machine ou pral plimen, kidonk w ap mache ak tout pope w ala en! Pozisyon k ap fèt yo konn depann de jan moun yo santi yo nan moman an, eske pope gen nanm gen santiman k ap travèsèl kidonk, l ap toujou menm jan an, boutofen, gen moun ki dyaloge anpil lè y ap koupe, yo poze anpil kesyon souvan ki pa gen okenn sans, kounye a m ta renmen nou di m sa manzè pope pral reponn nou mesye. Anjeneral nan konyen se gason yo ki mayestwo k ap jwe patisyon an, kidonk si li pa pran san l l ap bay anpil fo nòt, medam yo pa dirije fasil, men lè w wè yo pran kòn nan hmm ! se siwo lòja ou ka rele manman w grann sitou si fanm sa gen eksperyans. Konyen pa ta dwe egoyis, kote nou wè plezi nou sèlman pandan nou bliye patnè a, konyen ta dwe yon sèvis 5 zetwal, kote ou dwe aranje w pou fè vàn patnè a koule tout dlo ki gen andidan l jouk gòj li seche kou lawouze anba solèy midi.

Sispann itilize zouti (sòs pwa, sapatann, polis kouche, boul nan zozo…) pou fè mal lè n ap koupe mesye, tann se fanm nan ki mande w li, medam nou menm sispann rete bèbè pale di sa nou bezwen, di sa nou renmen konsa n ap sispann al chache l deyò, konsa kèk pwoblèm jalouzi ap rezoud epi plezi pral taye bande anba ti vant.

Pou retounen nan koze pope a, nou konprann lasyans ap vanse ak tout boulin, anpil travay moun te konn fè kounye a se wobo ki fè yo, pou pi rapid, pou depanse pi piti kòb tou, men eske nou panse nan zafè konyen lasyans ap rive ranplase moun ? M pa kwè. Gen yon seri bagay se moun sèlman ki genyen yo, eske w panse yon pope osnon yon wobo ka fè ekspre l chita mal pou l ba w yon jòf ? eske w panse yon pope osnon yon wobo pral konnen kilè pou l fè tibèf pou ou oubyen ba w yon bakchat sou fason li tande w ap plenn pandan w ap fè l ? m pa kwè non…

M pa kont pope osnon wobo pou bay fanm ak gason plezi, men mwen lanse yon latriye kesyon kote m ap tann repons nou pou anime deba sou koze a. Antouka, menm si w se amatè laponyèt, amatè bootleg ak tout kalte sex toys, gen lè ki rive sof yon fanm oubyen yon gason ka ba w sa w ap chache a jouk ou rive manyen Jezi.

[views]

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...