Connect with us

Hi, what are you looking for?

Immigration

SDP mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman ayisyen yo

SDP mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman ayisyen yo
Getting your Trinity Audio player ready...

Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman ayisyen yo.

Depi dimanch pase a, otorite nan peyi Etazini koumanse rapatriye plizyè santèn ayisyen ki te twouve yo sou fwontyè ki separe Meksik ak Etazini, zòn rivyè Del Rio.

Sektè Demokratik la pa t rete endiferan fas ak sitiyasyon sa ki nan tout medya etranje. Manb li yo te reyaji atravè yon kominike yo mete deyò yè lendi 20 septanm lan.

Nan kominike sa ki pote siyati plizyè moun tankou mèt André Michel,Agwonòm Ricard Pierre, senatè Nenel Cassy ak ansyèn minis Marjory Michel, estrikti a mande pou administrasyon Biden lan trete dosye ayisyen yo ak gouvènman pa bò isit la nan respè lalwa ak konvansyon yo.

Nan sans sa, manb SDP yo mande pou otorite yo kanpe sou koze depòtasyon an, pou pèmèt otorite yo gade dosye yo jan lalwa ak prensip mande sa sou rega pwomès Prezidan Biden te fè resòtisan ayisyen yo, selon sa yo ekri nan kominike sa.

Sektè Demokratik la estime rezon ki fè ayisyen ap kite peyi yo se konsekans absans plan ak pwogram relèvman aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Daprè sa yo ekri se konsekans tou 10 lane koripsyon, ensekirite, gaspiyaj lajan, gangsterizasyon ak move gouvènans rejim PHTK a. 

Fas ak rapatriman sa, Sektè Demokratik ak Popile (SDP) a di li choke anpil devan sitiyasyon sa epi pwofite mande ak popilasyon an pou fè solidarite ansanm ak sè ak frè yo ki nan sitiyasyon espesyal sa.

N ap siyale w tou biwo Kominikasyon estrikti INIFÒS di li kondane ak tout fòs li tretman li kalifye degradan otorite amerikèn yo bay ayisyen ak lòt nasyon sou fwontyè Etazini-Meksik la. Yo mande pou gouvènman Ariel Henry ap dirije a pou kontinye dyaloge ak otorite imigrasyon yo pou kanpe sou sa yo jije kòm vyolasyon akò ak konvansyon ki garanti yon  ti kras pwoteksyon sou refijye.

N ap raple w nan yon ti pale ak jounal la, DG ONM lan te fè nou konnen gen 5 vòl ki fèt deja, 560 ayisyen deja rapatriye pa otorite ameriken yo.

SDP mande pou otorite amerikèn yo kanpe sou rapatriman ayisyen yo

Dekouvri plis:

Plus de 500 haïtiens déjà rapatriés par les États-Unis, selon le DG de l’ONM

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Migration

Getting your Trinity Audio player ready... Le président Luis Abinader renouvelle son engagement envers son peuple et poursuivra la déportation massive des haïtiens. Lors...

Immigration

Getting your Trinity Audio player ready... La République dominicaine va intensifier les déportations de migrants illégaux sur son territoire Les déportations de ressortissants étrangers...

Migration

Getting your Trinity Audio player ready... Plus de 23 000 Haïtiens sans-papiers expulsés par la République dominicaine entre janvier et mars 2022 La République...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Humans Right Watch demande aux États Unis et aux autres pays de cesser la déportation des migrants haïtiens...