Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Selon yon etid, 75% fanm prefere gason ki gen gwo vant

Selon yon etid, 75% fanm prefere gason ki gen gwo vant

Si pou anpil gason kesyon jere vant plat, ale nan gym, ka fè yon fi plis atire nan yo. Yon etid ki reyalize nan peyi Angletè ale nan sans kontrè a epi fè kwè 75% fi plis apresye nèg ki gen gwo vant.

Etid sa se yon sit rankont  ki rele Dating.com ki te reyalize l epi releye pa sit Insider. 75% moun yo entèwoje yo fè konnen se moun gwo vant yo renmen. Nèg lè yo met chemiz oubyen mayo pou vant lan layite ladan l.

Malgre etid sa, kesyon pwa ak fòm moun pa ta dwe sijè deba

Sa pa vle di yon moun k ap fè espò pou brile anpe grès se kòve l ap fè. Dayè gen yon jan w ap fè espò,  ou anfòm, ou parèt krakan kit se yon fi oubyen gason k ap fè aktivite fizik sa.

Nou ka ale pi lwen pou n di kesyon fòm ak pwa moun pa dwe gen deba. Depi moun lan santi l alèz nan po l ou pa ka vle fè l tounen yon pwoblèm pou li nan di l: “Gad jan w mèg”, “ou gwo twòp”, “bouboul”, “jere seksi”. Lè sa ou riske blese moun lan san rann kont oubyen volontèman nan plede jete kòmantè sou gwosè l. Nou konn menm ale pi lwen pou di zopope, gad gwosè yon ladjablès elatriye…

Toutfwa yon moun ka twouve li nòmal pou li pou fè rejim, pou kase vant si l santi se nesesè pou li men se pa fòse yo dwe fòse l oubyen presire l ak move blag sou gwosè l. Sit Santeplusmag konseye moun ki vle pèdi pwa pou manje fwi ak legim ki gen anpil fib, fè aktivite fizik, pa konsome twòp manje ki gen pil sik, pa bwè gazez…

Men pa etone si yon gason di w kite vant li monte, kite l pran pwa paske li aprann 75% fanm renmen nèg ki konsa. W ap jwenn sa wi! Lè sa ou pa dwe kritike l.

Selon yon etid, 75% fanm prefere gason ki gen gwo vant

Dekouvri plis:

Haïti rejoint le Groupe Afrique de l’UNESCO

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Cap-Haïtien: arrestation de Cleevens Degazon alias “My man”, un policier connu comme bras droit du chef de gang Krisla. La police nationale d’Haïti a...

Actualités

L’ONU votera lundi une résolution pour autoriser le déploiement de la force multinationale en Haïti. Le Conseil de sécurité de l’ONU prévoit de voter...

Santé

“KONBIT SAN POU SAN” sensibilise les citoyens à donner du sang pour sauver des vies. Le groupe”KONBIT SAN POU SAN” , cofondé par Louino...

République Dominicaine

L’ancien président dominicain, Leonel Fernández, effectuera une visite à Dajabón pour s’informer de la situation à la frontière. L’ancien président dominicain, Leonel Fernández, se...