Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Vilaire Rozier, yon batè gwoup K-dans sibi kidnapin, ravisè yo mande 500 mil dola ameriken pou libere l

Vilaire Rozier, yon batè gwoup K-dans sibi kidnapin, ravisè yo mande 500 mil dola ameriken pou libere l
Getting your Trinity Audio player ready...

Kidnapin sou Vilaire Rozier, batè gwoup K-dans, ravisè yo mande 500 mil dola pou libere l.

Vilaire Rozier se non sitwayen sa ki anba men endividi depi mèkredi pase a ki enfòme pwòch li yo kidnape l.

Yon manb gwoup K-dans ki te rantre an kontak ak jounal la eksplike pou l di Vilaire Rozier te ale rann yon moun sèvis mèkredi a nan ale depoze moun lan lopital pou akouche nan zòn Taba.

Nan retou li, endividi met men sou li sou wout Taba epi kidnape l, daprè sa pwòch la eksplike. Dènye lè fanmi an pale ak li se jodia, pwòch sa pa t an mezi di si li anfòm akoz se pa li k te pale dirèkteman ak li.

Ravisè yo mande 500 mil dola kòm ranson pou libere batè gwoup la, daprè pwòch la.

Gwoup la apre zak sa ap mande liberasyon Vilaire Rozier epi raple ke gwoup pa jwe nan moman an, pa gen lajan, pa gen pwogramasyon, mizisyen pa fè kòb.

Fenomèn kidnapin lan ki te fè yon kanpe ap reparèt figi l tipa tipa. Mèkredi a nan nivo Gwo Mòn, endividi tire sou yon otobis “Sans Souci” epi kidnape 10 moun, 7 ladan yo jwenn liberasyon jedi 15 jen an.

Vilaire Rozier, yon batè gwoup K-dans sibi kidnapin, ravisè yo mande 500 mil dola ameriken pou libere l

Dekouvri Plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 17 juillet 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27...