Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon premye jounen grèv ki byen mòde pou maten an

Yon premye jounen grèv ki byen mòde pou maten an

Sektè transpò sendika APCH te lanse semèn pase a 2 jounen grèv pou jodi lendi ak demen madi 2 fevrie a. Jiskounya grèv la respekte kote lari a prèske vid.

Nan kèk zòn tankou Pòtay Leyogann nou pa remake machin transpò ki konn asire trajè vil pwovens gran Sid la ak kapital la. Se menm kad figi a pou Lali, Bwavèna, Poupla, Nazon, Kafou Ayewopò rive Dèlma 32 repòtè Juno7 pat remake machin nan lari a, pat gen trafik machin piblik ki konn abitye fè trajè Petyonvil/anba lavil, Kafou Ayewopò/Pòs machan, Lali/Kanapevè, Pòtay/Dèlma 65, sinon 2, 3 grenn machin prive ki t ap sikile timidman. Komin Petyonvil ak Taba se menm bagay la tou.

Se yon lari ki prèske vid kote kèk grenn moto ap sikile, moun ap mache ak kèk moun ki kanpe 2 bò laria ap obsève jounen grèv sa.

Pa gen prezans elèv lekòl nan laria, sektè komèsyal la afekte, se detayan ki plis nan lari a kòm dabitid. Transpò an komen an paralize jan nou soulinye l pi wo a, kote pa gen machin moun oblije rale plizyè kilomèt a pye si yo pa gen kòb moto ki getan ogmante kous yo tou.

N ap siyale tou prezans lapolis nan plizyè pwen epi kawotchou ki ap boule nan kèk zòn.

N ap raple w jounen grèv sa vini touswit aprè te gen yon gwo manif yè dimanch lan nan kapital la, yon jounen grèv ki sipòte pa lidè opozisyon yo. Yon grèv k ap kontinye demen alapwòch 7 fevriye a, yon dat moun nan opozisyon ak kèk estrikti nan sosyete sivil la , yo deklare manda prezidan Jovenel Moïse ap fini 7 fevriye 2021 epi li dwe kite pouvwa a.

Dekouvri plis :

Une table ronde pour discuter en profondeur des relations haïtiano-diminicaines

Plus de contenu

Actualités

Trois journées de grève annoncées par les syndicats du transport en commun pendant la période des examens officiels du NS4. Les examens officiels du...

Actualités

“Operasyon fèmen peyi”: les activités sont au point mort à Port-au-Prince Ce lundi 25 octobre 2021 marque le début de l’opération ” fèmen peyi”, ...

Aktyalite AN KREYÒL

Aprè 2 jounen grèv ki te fèt lendi ak madi pase a sou direksyon sektè sendikal la , jodi mèkredi 3 fevriye a anpil...

Aktyalite AN KREYÒL

Dezyèm jounen grèv la kontinye paralize tout aktivite nan kapital peyi a daprè konsta Juno7 fè. Jodi madi 2 fevriye 2021 an, make dezyèm...