Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Akayè: Detay sou Lyonel Dela, fanatik ki pran bal nan tèt la

Lyonel Dela

Yè dimanch lan, nan match ki te opoze Akayè FC ak ekip Vyolèt la, rankont sa ta pral fini an ke pwason, kote anpil ensidan rive ki ta lakoz gaz tire, bal pete, machin boule, moun blese epi koze lanmò Lyonel Dela nan final ki konsidere kòm “finale de la honte”.

Sou paj Facebook Kimberly Pierre, li bay anpil detay sou jèn gason sa yo rele Lyonel Dela a. Selon jounalis espòtif la ke nou te rive pale ak li pa telefòn touswit apre pòs li a, fè konnen ke Lyonel Dela gen 25 kan, li se moun Akayè, li fèt nan yon lokalite anndan komin sa ki rele “Baryè Pwa”.

Ansyen kwonikè espòtif radyo tele Pacific la ki gen paj li kounya li pale espò, te kontinye pou l di ke manman viktim lan rele Yolène Dela, li gen 5 pitit (3 fi ak 2 gason), pami yo Lyonel Dela ki te twazyèm lan ki bwè dlo bouch li yè nan final wont sa.

Toujou selon konfrè a, Lyonel Dela ke yo rele Volvo paske l te solid kòm defansè lè l t ap jwe boul, t ap fè filo nan lekòl Bon Samariten nan Akayè. Li sot fete anivèsè l 6 janvye pase a, li te fanatik Akayè FC a.

Jounalis la ki jwenn enfo a nan men yon pwòch viktim lan, konkli pòs li a pou l mande moun fè solidarite ak fanmi Lyonel Dela paske daprè sa l di bagay yo pa t twò bon pase sa pou fanmi an.

N ap raple w Lyonel Dela pa t getan rantre nan estad lè li resevwa katouch nan tèt pandan kat li te nan men l.

Dekouvri plis:

Konbit san pou san: 200 moun ka sove 200 vi ak 200 pochèt san

Plus de contenu

Sports

Malgre gwo fo pa ekip Akayè FC la sou teren ekip meksiken an Cruz Azul, sa pa ka fè n getan bliye tout kalte...

Actualités

Wilmane Exumé se non yon milye teren ekip foutbòl Akayè FC a, ki kite klèb la nan plen konsantrasyon ki ap pare pou ale...

Actualités

Le bureau politique de Rosemila Petit-frère proteste contre les brutalités exercées sur la population de l’arcahaie et le traitement du dossier dans les médias....

Sports

Arcahaie Football Club vs Violette Athletic club: 2 morts et plusieurs blessés Des heurts ont éclaté lors de la finale opposant l’Arcahaie Football Club...