Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Anpil sitwayen te foule beton an pou mande Jovenel Moïse kite pouvwa a

Anpil sitwayen te foule beton an pou mande Jovenel Moïse kite pouvwa a
Kredi foto : Tcharly Coutin

Jodi dimanch 21 fevriye 2021 an, anpil sitwayen remete pye yo atè nan lari Pòtoprens, toujou nan menm objektif pou mande prezidan Jovenel Moïse kite kle palè a anba pòt la pou yo, epi denonse tou zak kidnapin k ap fèt nan peyi a, epi di yo p ap aksepte diktati ke gouvènman an plas la vle enstale nan peyi a.

Channmas ak Kafou Ayopò se 2 pwen prensipal sitwayen yo te reyini. Gwoup ki t ap sòti sou channmas la te pase sou Lali, wout Nazon pou al fè yon sèl ak gwoup ki te nan kafou rezistans la (Kafou Ayopò), epi monte sou dèlma. Yon foul ki te vrèman anpil. Sou tout pakou a manifestan yo t ap boule kawotchou epi mete tout sa yo jwenn sou wout yo nan lari a tankou wòch, bout bwa epi fatra.

Rive nan kafou Dèlma 32 a, ajan CIMO yo te deja kwaze de(2) kamyon dlo grate yo anba pasrèl la pou anpeche manifestan yo pran direksyon Petyonvil. Manifestan yo ki te an kòlè te leve yon gè wòch ak polisye CIMO yo. Sa ki te vin lakoz sitiyasyon panik nan kafou a. Kamyon dlo grate a te voye anpil dlo sou manifestan yo, epi anpil gaz te bay tou pa fòs lòd yo pou gaye foul la.

Aprè deblozay sa nan nivo Dèlma 32 , ti gwoup manifestan ki te gentan franchi kafou a pou al sou wout boudon an te pran direksyon Channmas. Rive Channmas, sitiyasyon an te parèt pi konplike aprè kèk endividi ke repòtè nou ki te sou plas pa t rive idantifye te tante met dife nan baz UDMO ki sou Channmas la.

Pou kalme tansyon an, Polisye UDMO yo tire anpil bal reyèl ak gaz, pandan militan yo t ap tire wòch ak boutèy. Yon sitiyasyon ke polisye yo ta pral rive metrize aprè anpil difikilte.

Jounen manifestasyon sa daprè anpil militan pa dènye, yo deklare y ap kontinye mobilize pou fòse prezidan Jovenel Moïse respekte konstitisyon an paske manda ki fini . Yo bay randevou demen maten nan lari a pou akonpanye chofè moto yo.

N ap raple tou te gen prezans kèk atis ke moun konnen anpil nan foul la, tankou “Bricks” ak “Izolan” ki se 2 rapè gwoup “Barikad Crew” ki te patisipe nan jounen manifestasyon sa.

En savoir plus:

Funérailles de Mrg Pierre Antoine Paulo: Claude Joseph invite l’église à jouer son rôle de facilitatrice

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Nan yon konferans pou laprès li bay jodi jedi 29 avril 2021 an, nan lokal li nan Dèlma 60, Sektè Demokratik ak Popilè a...

Actualités

Jan sa te anonse pa plizyè branch opozisyon an anndan konferans ke yo te bay, jodi mèkredi 18 novanm lan anpil mobilizasyon anonse divès...

Actualités

L’opposition n’en démord pas. Elle entend poursuivre ses séries de manifestations pour forcer le président Jovenel Moïse à démissionner. Un calendrier d’activités dont des...

Actualités

Une conférence bilan des deux dernières semaines de mobilisation populaire réalisées dans le pays par l’opposition politique s’est transformée en manifestation improvisée, ce dimanche...