Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

“Mòg, chanm kriminèl,” non nèg yo bay chanm yo lè y ap fè sèks ak fanm

"Mòg, chanm kriminèl," non nèg yo bay chanm yo lè y ap fè sèks ak fanm
Image: @Tchooko_92 | Juno7

“Mòg, chanm kriminèl, Gòlgota”, non chanm jèn gason lè y ap resevwa medam yo pou fè sèks.

Chanm gason se yon kay kote jèn gason dòmi men yo konn tou fè l sèvi espas pou yo fè sèks ak mennaj yo oubyen yon ti fanm sou kote. Nan lang fransè a yo rele espas sa “Garçonnière”. Chanm sa, yo konn prete zanmi yo li pou vin pase yon moman ak yon ti fanm, genyen tou ki fè l tounen biznis nan lwe ti blòdè l pou kèk èd tan. Nèg yo defòme non an nèt, gen kote yo rele l mòg, gen lòt ki rele l Gòlgota oubyen chanm kriminèl.

“Mòg, Gòlgota oubyen “chanm kriminèl”, se twa non ki sonnen mal nan zòrèy anpil moun lè yo tande yon chanm kote gason ap dòmi pote non sa. 

Jèn gason yo pa kwòk mò ou ta ka mande tèt ou poukisa se non sa yo chwazi. Marc ki se yon etidyan nan Inivèsite Pòtoprens te eksplike nou pou l di rezon jèn gason rele chanm yo mòg se paske kenpòt jan fanm lan ye l ap wè tèt zòtèy li kanmèm, jèn gason ap glase w kanmèm, si n repete pawòl li yo. 

Dery ki se yon jèn grafis, yon etidyan tou nan inivèsite Pòtoprens twouve sa parèt fòkè pou nèg ap batize yon chanm “Mòg”, “Kriminèl” oubyen “Gòlgota”. Grafis la estime yon bagay ki gen pou wè ak entimite, plezi, pa ta dwe gen non ki pou wè ak laperèz ki ka fè fi a panse se nan gè li vini, se vyolans ki vin fèt. 

Sa k gen nan chanm gason

Nou te pran tan fè yon jounen ap obsève nan Avni Poupla kijan yon chanm gason fonksyone. 

Si nòmalman depi yon kay gen yon chanm se gason ki ladan l se non chanm gason li pote, men kategori chanm gason ki gen ti non “Mòg” “Chanm kriminèl” “Gòlgota” yo diferan. 

Chanm sa pa twò Konplike, ou jis bezwen yon kabann nòmal oubyen yon matla, yon anpoul, valiz rad jèn gason an, ti radyo li pou l fè son epi sa ka rive li gen yon televizyon epi sa w tande a mòg la pare pou resevwa moun. 

Nan obsèvasyon nou, nou remake chak tan yon nèg vin kote mèt mòg la oubyen chanm kriminèl la, li vin di l gen yon chòdi k ap vin kote li si l ap jwenn espas la pou pita pou l fonksyone. 

Dèfwa mèt chanm lan bay fe vè konsa tou li konn sou fè retisans. “Dèfwa nèg la ap mennen ekip zorat vin kouche sou matla w epi souvan tou nèg la vin deranje w se pa anyen serye l ap fè aprè 45 minit li getan fini lè konsa m fè fòkè sou li”, eksplikasyon mèt Mòg nan Avni Poupla a. 

Dèfwa lè pa gen fanm ki vin nan espas la, anndan chanm gason an ranpli kote mizik ap woule epi nèg pwofite ap pale de eksperyans yo ak medam yo. Moman sa, tout pawòl pale, blag ap bay, nèg ap di w jan yo fè fanm lan pete anba kòk elatriye…

Se moman tou nou te pwofite dekouvri resèt natirèl jèn gason pou kapab gen bon bann ak andirans. 

Ou jwenn resèt siwo myèl melanje ak 2 kiyè dlo epi jiwòf pile, genyen ki kwè nan ji grenadya san dlo, san sik epi melanje l ak siwo myèl. Nan diskou yo, yo estime se sa ki ede yo nan konba a. “Depi w bwè sa souvan jounalis ou prè pou tout konba wi, ankenn fanm p ap fè w pè, kèlkeswa volim plumen li ta gen sou li”, temwanyaj yon jèn gason ki gen 22 lane.

Kapòt stoud, pwa, grès kakawo, lwil koulèv, boutèy byen monte, bandil, elatriye,  tout sa yo te ap pale anndan chanm sa ki wè pa jou pou pi piti 3 fanm kouche sou do vin enjoy, selon estatistik Michel ki se mèt espas la di nou. “La toujou gen fi ki vin pase yon moman ak mennaj yo. Pa jou ka gen pou pi piti 3 fanm paske mwen pa fòkè twòp depi nèg la di m li gen moun k ap vini epi m aranje m mwen prete l espas la pou l enjoy li ak moun li”.

Gen blòdè ki fè chanm yo tounen biznis

Kesyon relasyon seksyèl se yon bagay moun fè anpil. Se rezon pandan dènye ane sa yo anpil ti otèl pou degaje vin anpil nan vil la pou ede moun detann yo nan pase yon moman. 

Men, fas ak lavi chè a, se pa tout jèn gason ki gen posiblite peye toutan yon espas pou pi piti 750 goud pou yon 2 èd tan, nan sans sa nèg la ale kote yon patnè li estime ki ka ede l jere moman an pou yon pi ba pri. Se nan sans sa, kèk nèg bay chanm sa sou katye yo ak 100 goud, 150 goud  jiska 200 goud. « M fè yon fason m ranje chanm lan, m fè l pwòp epi m lwe li a 150 goud pou 2 èd tan.

M konn fè mil goud pa jou ki ede m. M pa ka ap bay chanm mwen dòmi ak nèg pou plezi, fòk yo peye epi jounen manje m fèt tou. Sa ka rive demen mwen gen ti otèl wi dayè m rantre nan sòl », se pawòl Patrick ki rete nan yon chèltè ki fè espas la tounen motèl. 

Aprè 12 janvye 2010 koze “Mòg”, “Chanm kriminèl” “Gòlgota” te trè alamòd. Mesye yo te itilize tant colman yo oubyen lakwa wouj epi elwanye l de espas kote foul moun yo ye a pou fè chanm blòdè. 

Nan peryòd sa, anpil jèn fi te konn fè sèks anpil nan tant sa ki te lakoz tou anpil jèn ti fi tonbe ansant nan epòk sa kote li te pi fasil pou jèn fi a fofile kò l epi ale jwenn jèn jan an nan tant sa ki te ka nan yon pakin kay, sou tèt yon dal oubyen elwanye de kan an.

"Mòg, chanm kriminèl," non nèg yo bay chanm yo lè y ap fè sèks ak fanm

Image: @Tchooko_92 | Juno7

Gen fi menm jan gen gason tou ki pa renmen koze sa

Si koze sa trè alamòd gen fi ki pa dakò nèg mennen yo nan sa. “M pa dakò mennaj mwen mennen m nan chanm gason. M fè eksperyans lan yon fwa mwen pa apresye l. Lè w ap rantre tout moun nan espas la oubyen sou katye a getan konn sa w vin regle, lè w ap soti se tèt chaje fò w fè je w chèch epi gen jèn gason ki wè w ak mennaj ou k ap souri paske yo getan konnen mennaj ou sot pase w nan mòg la. Nan sans sa, m pito ale nan otèl oubyen kay mennaj pa m olye ap frite nan chanm gason lòt moun”, eksplikasyon yon jèn demwazèl ki abite Lali.

Eksplikasyon demwazèl sa pa twò diferan de pa lòt fi ki pa renmen sa tou. Martine, yon ansyèn etidyant nan Wot Zetid ale pi lwen pou l di rantre nan chanm yon gason kote mennaj ou mennen w se yon mank pridans kote gen kadejak, ensekirite, elatriye. “Kijan w konprann pou m ap soti Dèlma epi mennaj mwen pa gen kote epi l ban m randevou kay yon blòdè l, yon blòdè mwen pa konnen, m pa konn zòn lan epi m pral fè sèks. Si l anvi fè sèks, mennaj mwen ap peye yon otèl oubyen si l pa genyen m ap peye men mwe  pa prale nan mòg, chanm kriminèl patati patata”.

Christopher ki gen chanm pa l lakay li fè konnen li rasis nan sans sa paske li pa bay patnè vin fè sèks ak fanm yo lakay li. Rezon jèn gason an avanse se pou respè ti sè l ak rès manb fanmi l. «M pa renmen pratik sa. M konsidere chanm mwen entim ak mwen epi mennaj mwen. Bay pil zanmi vin pyafe vin bay yon aspè yon kote tout moun drive. Nan sans sa mwen rasis, m pa bay moun posiblite sa. Epi pou chak tan pou yon vizaj ak rantre nan chanm ou anba je ti sè m, manman m, grann mwen, se yon mank respè pou yo ak pou kay yo a».

Toutfwa, koze sa pa egziste kounya, li p ap elimine ni jodia, ni demen. Se yon pratik ki sove anpil jèn gason kou jèn fi lè yo pa gen espas pou degaje yo.

Dekouvri plis:

Assassinat du Président: Claude Joseph, Rockefeller Vincent et Bed-Ford Claude écrivent à l’ONU

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...