Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

DIRPOD salye gwo demonstrasyon fòs dimanch 28 fevriye a

DIRPOD salye gwo demonstrasyon fòs dimanch 28 fevriye a
Foto: Richard Pierrin | Juno7

Direksyon Politik Opozisyon Demokratik (DIRPOD) la salye pèp ayisyen an pou gwo demonstrasyon fòs dimanch 28 fevriye a.

Mwens pase 24 trè aprè jounen mobilizasyon dimanch 28 fevriye pase a, Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la (DIRPOD) soti yon nòt pou laprès nan lide pou l salye epi remèsye popilasyon an ak tout sektè nan vi nasyonal la ki te pran kouraj yo ak 2 bra pou te fè gwo demonstrasyon fòs sa a sou beton an.

Mach ayè dimanch la ki te fèt kont diktati, kont kidnapin, kont ensekirite, kont kòripsyon, kont vyolasyon dwa moun, te òganize anba lobedyans yon gwoup pastè pwotestan ki te jwenn sipò opozisyon politik la ak lòt òganizasyon nan sosyete sivil la.

“Plis pase 2 milyon moun ki te pran lari pou manisfeste nan Pòtoprens ak anipil lòt vil provens yo tap reklame respè atik 134-2 ak 134-3 Konstitisyon an ki di manda Jovenel Moïse fini 7 fevriye 2021 e li pa gen dwa pwolonje l menm jan Depite ak Senatè, majistra manda yo te fini an 2020.

Pèp Ayisyen an te pwofite okazyon sa tou pou eksprime pasifikman kolè li kont konpòtman Chef BINI an madam Ellen La Lime ki montre nan dènye rapò li bay Konsèy Sekirite Nasyon Zini an, li se asosye Jovenel Moïse nan pwojè pou retounen diktati nan peyi a, vyole dwa moun san gade deyè, itilize gang pou masakre pèp la epi fè kòripsyon tounen pi gwo règ nan peyi a”, se sa nou li nan nòt DIRPOD la.

Youn nan lòt misyon mach sa a ki te yon reyisit total daprè anpil inisyatè ak patisipan, te sèvi pretèks pou Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la, pati, regwoupman politik, enstitisyon ak òganizasyon nan sosyete sivil la te bay yon mesaj klè pou entènasyonal la pandan yo t ap deklare Reprezantant Spesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Helen La Lime, pèsona nongrata paske daprè yo, diplomat la ap sipòte pouvwa an plas la.

“Ayiti pap aksepte tounen nan diktati, popilasyon an pa nan zafè chanje Konstitisyon ni fè eleksyon ak Jovenel Moïse ki pa gen ni tit ni kalite poul sou pouvwa ankò. Lè Kominote entènasyonal la fin obsève ekspresyon detèminasyon pèp Ayisyen an nan gwo rad mare 28 fevriye a, li pa gen lòt chwa, li gen poul konfòme l ak prensip demokratik yo ki pa chita sou sipote pouvwa totalitè, kriminèl ki ap masakre pèp”, se sa DIRPOD la rapousuiv pou l di nan nòt li a.

Pou fini, kominote politik Ayisyèn nan ki nan opozisyon kont rejim PHTK a pran angajman pou l kontinye travay ak pèp la pou fè dwa li ak dinyite li respekte. “Jovenel Moïse se yon ò la lwa ki fin kraze tout enstitisyon ak repitasyon peyi a, tout endis montre li asosye ak pil gang ki ap kidnape, touye moun pasi pala; pwojè ki konsène lavi pèp Ayisyen an pa ka diskite ak li ni ak moun ki nan antouraj li.

Se pou tèt sa opozisyon an pran responblite l poul diskite epi negosye ak entènasyonal la tout sa ki ap bon nan kad akò 30 janvye 2021 an, nan enterè pèp Ayisyen an ki reprezante gwo fòs la”, si n kwè nòt pou laprès sa a.

Dekouvri plis:

Le président désigné de la transition de rupture salue la grande mobilisation du 28 février

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Des forces politiques de l’opposition réunissant au moins 14 partis et mouvements politiques condamnent l’assassinat du président de facto Jovenel Moïse. Les forces politiques...

Politique

La Direction Politique de l’Opposition Démocratique (DIRPOD) a lancé un appel à la démolition de l’édifice référendaire. La Direction Politique de l’Opposition Démocratique (DIRPOD),...

Politique

Me André Michel, l’ingérieure Marjory Michel, l’économiste Nenel Cassy du Secteur démocratique et populaire (SDP) ,ont annoncé qu’ils ont rompu définitivement toute relation avec...

Politique

La DIRPOD disposée à participer à toute initiative pouvant conduire à une résolution pacifique de la crise haïtienne. “Face à l’instabilité actuelle et le...