Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Edwin D. Zenny ap bay 50 mil goud ak Souffrant Borne, sitwayen ki te joure blan yo nan fineray prezidan an

Edwin D. Zenny ap bay 50 mil goud ak Souffrant Borne, sitwayen ki te joure blan yo nan fineray prezidan an
Getting your Trinity Audio player ready...

Edwin Daniel Zenny fè Souffrant Borne kado 50 mil goud pou aksyon li poze nan fineray prezidan Jovenel Moïse la.

Si fineray Jovenel Moïse te make pa diskou, pwotestasyon kèk sitwayen, kriye, gen yon sitwayen ki arive depoze anprent li nan fason pa l pandan patisipasyon l nan fineray ansyen prezidan an. Non sa se Souffrant Borne ki pa t met dlo nan bouch li pou di tout kalte pawòl ak etranje(blan) ki te prezan nan seremoni an.

Touswit apre antèman an, videyo sitwayen sa t ap pwopaje tankou lafimen sou rezo a. Anndan videyo sa nou te ka remake jenòm lan move kou kong epi lonje dwèt sou blan yo li di ki nan konplo asasinen Jovenel Moïse. Jan li t ap pale a epi lanse pawòl piman bouk yo te yon jan komik ki te kreye anpil blag kay entènot yo.

“Eyy You, Go out! Yo Gyèt ***! Yo nan konplo a tou nèg”, se ak pawòl sa yo li t ap di blan yo pa gen plas yo la.

Ansyen senatè Sidès la, Edo Zenny fè kè l kontan

Yon jou aprè fineray la, nan emisyon ki pase sou yon radyo Jakmèl ki rele “Alo senatè”, Edo Zenny te rele sitwayen an pandan emisyon an epi pale ak li.

Se nan moman sa ansyen senatè Edwin Daniel Zenny te tou anonse l ap voye pa Mon Cash pou li 50 mil goud. Li te mande Souffrant Borne pou elaji kont Mon Cash li pou l ka gen posiblite jwenn lajan an.

Jès sa ta vle montre ansyen senatè Sidès la kore aksyon sitwayen an. Men sou rezo a entènot yo entèprete l fason pa yo nan kòmantè. Genyen ki estime se ankouraje moun pwoveke moun, gen lòt ki aplodi jès Edo a, genyen ki kontinye fè blag ak sa epi gen ki di se kleren ki te tèt zanmi an .

Sitwayen sa se yon nèg nan komin “Borgne” ki marye epi gen pitit. Li poze aksyon sa paske li estime blan ameriken yo pa ka vin fè sanblan yo pa konnen sa k pase a selon sa l di. Li te rapousib pou l di li pa t gen okenn perèz lè l ap di sa malgre te gen anpil sekirite, li deklare li pa janm pè moun.

Edwin D. Zenny ap bay 50 mil goud ak Souffrant Borne, sitwayen ki te joure blan yo nan fineray prezidan an

Dekouvri plis:

Le président du CNSC confirme que la société civile est représentée au sein du gouvernement

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... “Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir”, disait Aimé Césaire. Voici l’éphéméride du 23 juillet 2023....

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des scènes de pillage à la suite des funérailles du président: un magasin de Valerio Canez et une...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Incapable de se rendre aux funérailles de Jovenel Moïse au Cap-Haïtien, l’ancien président Michel Martelly s’exprime sur twitter...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le pays rend un dernier hommage au président Jovenel Moïse Les obsèques du président Jovenel Moïse se déroulent ...