Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Yon endyen yo akize de vyòl ap gen pou lave ak repase pandan 6 mwa rad 2000 fanm

Yon endyen yo akize de vyòl ap gen pou lave ak repase pandan 6 mwa rad 2000 fanm

Yon endyen yo akize de vyòl ap gen pou lave ak repase pandan 6 mwa rad 2000 fanm nan yon vilaj ki rele Majhor.

Lalan Kumar se non yon endyen ki gen 20 lane k ap gen pou achte ak lajan li pwodui pou l lave epi repase rad 2000 fanm ki twouve yo nan yon vilaj nan peyi End ki pote non Majhor. Sitwayen sa gen akizasyon tantativ vyòl ki pandje sou tèt li.

Apre li te fin akize de vyòl, tribinal nan peyi End libere l sou kosyon, sou kondisyon pou l achte pwodui tankou fab, kloròks ak mistolin pou l lave rad 2000 fanm epi repase yo tou. L ap gen pou fè travay sa pandan 6 mwa.

Desizyon sa ki parèt annwiyan se lajistis ki pran l depi 22 septanm pase a. Lalan Kumar te arete depi an avril pase a, poko gen okenn dat ki fikse pou pwosè li a, selon sa jounal L’Obs nan peyi Frans rapòte.

“Se yon desizyon istorik, li pral ranfòse respè pou fanm epi ede yo pwoteje diyite yo”, se pawòl Nashima Khatoon nan mikwo AFP, li se responsab konsèy anndan vilaj kote Lalan Kumar ki se yon blanchisè ap gen pou fè 6 mwa ap lave epi repase rad 2000 fanm yo. Se Nashima Khatoon k ap gen pou siveye Lalan Kumar pou wè si l fè travay yo.

Depi aprè yon vyòl Kolektif ki te fèt an 2012 sou yon jèn fanm nan peyi End ki te arive mouri, lwa sou kesyon vyòl nan peyi sa vin pi di, kote koupab yo jwenn gwo sanksyon.

Malgre kesyon lwa ki vin pi di sou koze vyòl, pou ane 2020 an 28 mil vyòl te siyale nan peyi End. Pandan tan sa, Lalan Kumar mèt koumanse prepare savon l, fab ak digo l paske li pral lave anpiiiil.

Yon endyen yo akize de vyòl ap gen pou lave ak repase pandan 6 mwa rad 2000 fanm

Dekouvri plis:

La police américaine aux frontières suspend l’utilisation d’agents à cheval au Texas

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Après huit mois de détention, les autorités indiennes libèrent un pigeon accusé d’espionnage. Plusieurs médias internationaux ont rapporté le week-end dernier la libération d’un...

Actualités

En Inde, un bébé naît avec une malformation rarissime et est décrit comme un miracle de la nature. Au Shahabad Community Health Centre dans...

Monde

Inde: des primates peuplant l’environnement urbain ont volé un bébé de deux mois puis l’ont noyé dans un réservoir d’eau.  Keshav Kumar c’est le...

Monde

Inde: deux singes arrêtés pour le meurtre de 250 chiens. Les autorités indiennes ont procédé à l’arrestation de deux singes accusés de meurtre. Selon...