Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Fè ti bèf ka ogmante risk pou yon moun fè kansè bouch ak gòj

Tibèf - ti bèf

Fè ti bèf ka ogmante risk pou yon moun fè kansè bouch ak gòj selon yon ekip chèchè.

Ti bèf se yon pratik seksyèl anpil moun renmen fè pandan ak seksyèl yo. Si pa bò isit nou rele l “ti bèf” pou fi oubyen pou gason, tèm ki souvan itilize nan bon langaj la se “fellation” lè se yon fi k ap fè l pou gason an epi “cunnilingus” lè se yon gason k ap fè l pou yon fanm. Men daprè yon ekip chèchè nan inivèsite ameriken John-Hopkins, souse peni yon gason oubyen bouboun yon fi kapab ogmante risk pou ta fè kansè nan bouch oubyen nan gòj.

Souvan moun ki devlope kansè bouch oubyen gòj se moun ki fimen anpil oubyen ki di tèt yo “l’alcool c’est de l’eau”, kategori moun sa yo anpil fwa ekspoze fas ak risk pou genyen kansè bouch ak gòj la tèlman yo konn fè eksè nan fimen ak bwè kleren ki vin detèminan nan tip kansè sa yo.

Men yon ekip chèchè ameriken nan inivèsite John-Hopkins dekouvri “Papillomavirus” oubyen “virus HPV”, ki souvan responsab kansè kòl literis li enplike tou nan timè owofarenje yo.

Doktè Maura Gillison ak ekip chèchè yo te panche sou 100 ka moun ki malad, sa vle di ki devlope yon kansè Owofarenks. Ankèt la te mennen sou laj moun yo, kantite patenè seksyèl yo genyen, premye fwa moun lan ale nan rapò seksyèl epi ak konbyen patenè seksyèl moun lan pratike sèks oral nan yon tan tou kout.

Rezilta sa yo ki te pibliye nan jounal American Cancer Society fè konnen yon moun ki getan gen nan pase li 10 patenè seksyèl k ap fè ak li pratik ti bèf, ki te konn gen abitid fè ti bèf anpil nan pi jèn laj li, epi ki te gen anpil patenè sou yon peryòd kout, li riske gen kansè bouch ak gòj ki lye ak “Papillomavirus oubyen HPV”.

Papillomavirus, se yon viris trè kontajye

Papiyomaviris se yon viris ki twouve l nan yon fanmi viris ki gen plis pase 100 varyan. Konsekans enfeksyon an kapab selon tip Papillomavirus la fè w genyen “verrues génitales” rive nan kansè.

Etid yo estime, 80% gason ak fanm ki aktif nan koze fè bagay antre an kontak avèk Papillomavirus youn oubyen plizyè fwa nan lavi yo. Se rezon nou ka wè etid inivèsite John-Hopkins lan plis chita sou nivo frekans moun yo fè ti bèf ak kantite patenè moun yo genyen.

Gen moun ki tire pye

Nan koze fè sèks gen bagay si w ta oze entèdi moun yo ka panse ou se yon eleman jenan. Pou w ta ap di moun pa pran bakchat, pa bay dwèt, pa fè ti bèf. Redaksyon Juno7 la te pale ak kèk sitwayen pou pran enpresyon yo sou sijè sa, kèk nan yo te reponn konsa

“Se pa tout rechèch ki rechèch non zanmi. Gen rechèch se pou destabilize jenès maskilen an wi”, se konsa yon chofè moto ki gen 35 lane te reponn nou.

Mesaj Alix k ap vann bwason gazez pa t twò diferan ak pa chofè moto a. “Ke medsin tou retire koze plumen. Depi pa gen ti bèf poko janm gen plumen non. Di chèchè yo met bon linèt vin ak yon lòt etid”.

Yon jèn demwazèl ki pa t dakò non l site pa kont etid sa pandan l konsyan tou nivo plezi ti bèf genyen. “Ti bèf gen plezi. Li ra pou w ta tande yon nèg oubyen yon fi di w li pa renmen koze sa. Men, plezi nou jwenn nan pratik sa pa dwe avegle n pou n konnen ka gen risk oubyen fè n inyore etid chèchè yo. M toujou rete kwè nan byen gen mal, nan mal gen byen. Se rezon m kwè tou menm nan plezi a gen yon bagay negatif ki kache epi w pa rann kont. Sa w di m yo atire atansyon m, m ap fè plis rechèch, m ka menm diminye sou frekans m te konn fè ti bèf tou. M pa t janm konn sa k Papillomavirus la”.

Toutfwa, kansè gòj oubyen bouch ki koze pa Papillomavirus la ra anpil. Fò souvan moun ki gen enfeksyon nan bouch akoz Papillomavirus yo pa devlope kansè bouch oubyen gòj. Men, li enpòtan pou moun pran vaksen viris sa.

Tibèf - ti bèf

Dekouvri plis:

Dossier Jovenel Moïse: Mario Antonio Palacios expulsé vers son pays faute de preuve

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...