Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

FJKL lanse yon SOS bay otorite yo pou voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a

FJKL lanse yon SOS bay otorite yo pou voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a
Getting your Trinity Audio player ready...

Fondasyon Je Klere (FJKL) lanse yon SOS bay otorite nan Leta yo pou yo voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a.

Fondasyon Je Klere ki se yon estrikti dwa moun lanse yon SOS bay otorite nan Leta a pou kapab voye je bay prizonye anndan prizon sivil Kwadèboukè a k ap viv nan move kondisyon.

Anndan nòt sa, Fondasyon Je Klere koumanse pou l mete fokis sou absans pi fò ajan ki pa vin travay ki lakoz pòs yo abandone. FJKL fè konnen pratik sa gen anpil konsekans tankou: Prizonye lage nan jere prizonye parèy yo. Lè fanmi oubyen pwòch prizonye pote manje pou yo, manje pa ka rive jwenn yo sa ki lakoz yo soufri grangou…

Kri FJKL la ale pi lwen pou l denonse anpil lòt move pratik tankou prizonye k ap jere kizin prizon an nan vann plat manje ak prizonye parèy yo 200 goud lè se prizonye yo ki deside ale fè manje. Moun sa yo ki fèmen dèyè kat miray pa gen dlo pou yo bwè alevwa benyen pandan FJKL souliye yon galon dlo trete ap vann 75 jiska 500 goud anndan prizon an.

Toujou nan SOS sa, FJKL atire atansyon responsab yo sou eta selil yo. Estrikti dwa moun lan fè konnen selil yo pa louvri, resipyan pou nèg yo fè bezwen yo konn ranpli rive jis ap tonbe atè sa ki konn lakoz vye sant ak bèt konn kale anndan prizon an.

Jan FJKL pale a nan SOS la, prizon sivil Kwadèboukè a se prèske yon lanfè. Yon prizonye ki malad p ap ka jwenn swen paske selon Fondasyon Je Klere enfimri an pa fonksyone. Gen kèk maladi tankou tansyon, sik ak kèk lòt ki mande medikaman chaj jou si yon prizonye fè yo, li ka riske mouri paske aksè pou jwenn medikaman an difisil.

Fas ak tout move kondisyon sa yo epi konpòtman ajan prizon yo, FJKL mande ak enspeksyon jeneral polis la mennen ankèt pou konnen rezon ki fè polisye sa yo abandone pòs yo epi pran sanksyon kont yo.

FJKL pi lwen nan rekòmandasyon li yo mande ak Direksyon Administrasyon Penitansye (DAP) pou li mete yon ekip kanpe pou kontwole kòb frè gaz ak manje ki livre nan prizon an paske selon Fondasyon an gen anpil pawòl k ap pale sou move jesyon nan prizon an.

SOS sa fini lè FJKL mande ak DGPNH la pou pran tout dispozisyon pou garanti sekirite tout moun anndan prizon an.

FJKL lanse yon SOS bay otorite yo pou voye je sou prizon sivil Kwadèboukè a

Dekouvri plis:

La route qui relie Jean-Rabel et Port-de-Paix devient inaccessible à la suite des averses

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Getting your Trinity Audio player ready... «La solution passe par une redynamisation du Haut commandement de la PNH et du Haut État-major de l’armée»,...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... La FJKL et la Fondation Lorquet pour une Nouvelle Haïti ont distribué des registres de fouilles au service...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Massacre de Canaan : la Fondasyon Je Klere (FJKL) appelle la justice à sévir contre les auteurs et...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Corruption du substitut Lucnas Étienne, la FJKL reproche à la ministre d’avoir instauré un désordre dans le système...