Getting your Trinity Audio player ready...
|
Ikrèn: Palman an adopte yon nouvo lwa ki entèdi Oligak yo finanse pati politik yo
Palman nan peyi Ikrèn adopte yon lwa jodi jedi 23 septanm lan, ki bay lòd pou oligak nan peyi sa rete an deyò sa k gen pou wè ak politik.
Desizyon sa vini yon jou aprè yon tantativ pou te tiye yon pwòch kolaboratè prezidan ikrenyen an Volodymyr Zelenskiy.
Lwa sa nan peyi Ikrèn entèdi ak oligak yo finanse pati politik. Wo responsab nan peyi sa tankou prezidan, Premye Minis ak chèf bank santral yo dwe deklare relasyon yo gen ak oligak yo.
Prezidan ikrenyen an fè konnen li nesesè pou pwoteje peyi a kont òm dafè pwisan epi ki kowonpi sistèm politik la depi 10 lane.
Opozan pouvwa a di yo gen krent pou se pa yon bagay ti zanmi Volodymyr Zelenskiy ap fè yon fason pou plis konsantre pouvwa a nan men l.
Lwa sa te adopte an premye lekti jiyè ki sot pase a. Dezyèm lekti a fèt yè epi adopte pa 279 vwa sou 450 syèj Palman an genyen. Lwa anti oligak la soumèt ak prezidan an pou apwobasyon.

Credit photo: REUTERS / Ruslan Kaniuka
Dekouvri plis:
L’association Bouquets d’Espoir a distribué une centaine de kits scolaires à Gros-Morne
