Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Kèlkeswa moun Jovenel Moïse chwazi pou mete premye minis se yon aksyon ilegal”, selon Mèt André Michel

Affaire Petrocaribe: appel interjeté, les comptes bancaires doivent rester bloqués, dixit André Michel
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Kèlkeswa moun Jovenel Moïse chwazi pou mete premye minis se yon aksyon ilegal, selon avoka André Michel

Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse nome pa arete nan jounal Le Moniteur, jodi lendi 5 jiyè a, yon nouvo premye minis ki se Doktè Ariel Henry ki ranplase nan pòs sa Doktè Claude Joseph ki te la pa enterim.

Nan yon entèvyou eksklizif ak redaksyon Juno7 la, Mèt André Michel ki se pòt pawòl Sektè Demokratik ak Popilè a fikse pozisyon l.

Avoka a raple yon ènyèm fwa ke manda Jovenel Moïse fini depi 7 fevriye 2021. Nan sans sa, Mèt André Michel kalifye Jovenel kòm yon “usurpateur de titre” ki ta vle di li pa prezidan lejitim .

“Tout aksyon Jovenel Moïse poze ilegal”, daprè André Michel ki te kontinye pou di Sektè Demokratik la pa nan negosiyasyon, kowabitasyon, eleksyon avèk Jovenel Moïse.

Anndan menm antretyen sa ak jounal la, pòt pawòl Sektè Demokratik la kwè ke Jovenel Moïse reprezante yon danje pou peyi a. Pou kore sa l di a, li fè referans ak desizyon pouvwa a pran yè pou bay dechaj ak tout ansyen PM epi minis ki t ap jere lajan petwokaribe alòske konstitisyon an di kijan pou yon minis ak PM jwenn dechaj, selon deklarasyon avoka militan an.

Pi lwen, Mèt André Michel nan deklarasyon l yo montre li pa menm bay atansyon ak kesyon nouvo premye minis Jovenel Moïse nome a.

Toutfwa, li voye yon pinga bay moun ki twouve yo nan opozisyon, sosyete sivil lan ki ta ap pare pou ta ale pran pòs nan nouvo gouvènman ki pral monte a epi avèti yo ke kreyon pèp la pa gen gòm.

Pou André Michel, aksyon Jovenel Moïse poze pou chwazi premye minis se yon aksyon ilegal paske li pa gen manda konstitisyonèl pou sa.

Pou fini entèvyou sa, Mèt André Michel lanse yon apèl a linite fòs opozisyon an malgre divèjans yo, pou yo rasanble fòs yo, pou relanse mobilizasyon an, yon fason pou fè echèk ak pwojè Jovenel Moïse genyen an ki se trennen peyi a nan eleksyon bankal, daprè deklarasyon André Michel.

Affaire Petrocaribe: appel interjeté, les comptes bancaires doivent rester bloqués, dixit André Michel

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Ministè Kondisyon Feminin  mande ak lajistis pou fè limyè sou dènye asasinay ki fèt Dèlma 32 a

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Un homme d’affaires de la région de Tampa devrait plaider coupable dans le cadre du dossier de Jovenel Moïse. Selon le quotidien américain Miami...

Actualités

Auditionné par le juge Walther Wesser Voltaire dans le cadre du dossier de l’assassinat du président Jovenel Moïse, l’agent exécutif intérimaire de Jacmel, Macky...

Actualités

Assassinat du président Jovenel Moïse: l’ancien sénateur John Joël Joseph a plaidé coupable devant un tribunal fédéral des Etats-Unis L’ancien sénateur John Joël Joseph...

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul. Antèman jounalis Lilianne Pierre...