Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Mache pye atè ka ogmante gwosè “Grenn” gason selon kèk chèchè.

Mache pye atè ka ogmante gwosè "Grenn" gason selon kèk chèchè.

Li pa yon nouvèl pou pèsòn si yo di n mesye yo renmen grès kakawo pou alonje pati yo lè yo santi bagay la manke an longè. Men, pa t gen moun ki te atann mache pye atè ka ogmante grenn gason, selon sa kèk chèchè nan peyi Kanada revele.

Selon sa jounal AfrikMag rapòte, li fè konnen anndan yon etid plizyè chèchè kanadyen fè endike gason ki pran 30 minit chak jou pou mache pye atè, pratik sa kapab ede ogmante gwosè oubyen tay grenn mesye yo.

Jounal la te kontinye pou di plizyè chèchè kanadyen te pase 2 an nan peyi Kongo pou te eseye kraze mit grenn k ap gwosi natirèlman kay kongolè, san ke moun nan peyi sa pa t vrèman bay enpòtans sa ki ta koz grenn gason yo gwosi. An 2014, yo te panse ke koze grenn kongolè k ap gwosi te gen pou wè senpman ak teritwa peyi Kongo, sa pa fèt lòt kote, eben chèchè yo ta pral sezi wè sa fèt tou Kanada nan fè kèk kanadyen mache pye atè pandan 30 minit, selon sa jounal afriken an rapòte.

Jounal AfrikMag rapòte tou gen yon gerisè tradisyonèl Kongolè ki te konn ankouraje mesye nan peyi Kongo yo mache pye atè. Li te konn di yo se te kado sa l pa wè yo(espri) bay lòm pou chak gason kapab satisfè fanm yo.

John Powell, youn nan chèchè kanadyen yo ki te nan peyi Kongo fè konnen li p ap janm mache pye atè jiskaske l mouri paske sa l genyen nan janm li an madanm li apresye l.

Sa ki ka vin sisite ti mesye pa bò isit kontante yo mache pye atè epi bay vag ak koze grès kakawo, konprime pou gwosi afè yo. N ap swiv

Mache pye atè ka ogmante gwosè "Grenn" gason selon kèk chèchè.

Dekouvri plis:

Des partis de l’opposition annoncent une tournée visant à faire échec au référendum

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...