Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Nouveau Départ: Blondedy Ferdinand pale ak Juno7 sou nouvo album li an

Nouveau Départ: Blondedy Ferdinand pale ak Juno7 sou nouvo album li an

Sou paj Instagram li, Blondedy Ferdinand fè yon anons piblik yè jedi a pou enfòme fanatik li yo sou yon nouvo pwojè ki pote non “Nouveau Départ”, ki se yon album li gen pou li sòti.

Nan yon ti pale li fè ak redaksyon Juno7 , fiyanse D-Perfect la te pwofite eksplike kisa “Nouveau Départ” vle di pou li. Daprè eksplikasyon li yo, se yon fason pou montre lavi l rekòmanse, li pran yon lòt sans kit nan koze biznis, relasyon l, jan l wè moun. Se kòmkwa Blondedy Ferdinand anvi montre nan detay yo li kite tout pase l dèyè tèt li, li ap demare nouvo projè, fè lòt bagay.

Album sa ki dwe gen 8 mizik sou li si n refere n ak pòs Blondedy a ap gen 4 featuring. Nan chache konnen ki atis k ap sou mizik sa yo, entèrese a te montre anpil diskresyon epi deklare: “Mwen poko vle di atis yo paske m pa gen chans twòp, m pa vle vizyon m nan kanpe nan wout”.

Nouveau Départ si anpil moun ka panse oubyen ap ret tann se mizik bif ki pral sou li, Blondedy fè konnen se lanmou, lavi ak eksperyans li k ap sou nouvo pwojè sa. Nan yon sèl mo se “Vi l” ki nan album sa.

Blondedy Ferdinand pa kache nou pou di kesyon album pa t janm nan lide l. Lide sa vini swit ak nouvo estaf li gen la ki te sigjere l sa epi li mache nan lide ekip li a , selon sa l di nou.

Se te okazyon pou l fè nou konnen feedback la trè pozitif akoz enpasyan fanatik li yo epi anonse nou jwèt la make san, yon fason pou l di sa k anfas li yo ranje kò yo.

Album sa sipoze soti mwa dawout la, men poko gen yon dat ki fikse nan mwa sa. Blondedy deklare li p ap atann anyen kòm rezilta aprè sòti album nan paske li estime li jwenn li deja paske l pa tann moun bat bravo pou li, jis pou l montre li kwè nan tèt li.

Pou fèmen ti pale a, Blondedy mande fanatik li yo tchenbe rèd epi l envite yo goumen pou sa yo kwè. “Nouveau Départ”, fanatik Blondedy yo ap ret tann pou demare a zewo. Ret branche!

Nouveau Départ: Blondedy Ferdinand pale ak Juno7 sou nouvo album li an

Dekouvri plis:

Haïti Vs Canada c’est pour ce samedi 12 juin

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Blondedy Ferdinand et le rappeur Wendy chantent les louanges du seigneur. Blondedy Ferdinand et le rappeur Wendyyy unissent leurs voix sur le morceau “Piwo”...

Culture

Plus d’un million de vues en moins de 24h pour « Podyab yo », la réponse du couple Blondedy Ferdinand/D-Perfect aux détracteurs de leur...

Société

Yè sou paj Facebook li, Anthony Drew poste yon foto kote l kouche ak Blondedy Ferdinand. Foto sa fèt nan peyi vwazen an, Repiblik...

People

Yè lendi a, rezo sosyal yo te chofe apre plizyè foto ak videyo t ap sikile ki montre D-Perfect ki mete ajenou k ap...