Getting your Trinity Audio player ready...
|
Òganizasyon sendikal tankou FUTRAH, FENATRAH ki te lanse modòd grèv la anonse yo leve l men li toujou kenbe sou Gran Sid la.
Jodi lendi 18 oktòb la, plizyè òganizasyon sendikal te lanse yon grèv jeneral sou tout peyi a kont fenomèn ensekirite jeneralize ak dosye gaz la. Nan yon nòt ki pote siyati Montès Joseph, kowòdonatè Fwon Inifye Transpòtatè ak Travayè an Ayiti anonse modòd grèv la leve apati 6è nan aswè jodi lendi a.
Toutfwa, sendikalis la fè konnen grèv la ap kontinye nan Gran Sid la pou 24è ankò paske selon sa l di zòn sid la se pi gwo viktim nan tout briganday k ap pase nan peyi a.
Anndan nòt sa, sendikalis yo fè konnen yo mete chapo yo byen ba devan tout moun ki te solidarize yo di ak premye manch batay la epi voye Salitasyon pou tout Sektè.
Gwoup sendikalis yo anonse semèn 25 k ap vini an y ap kontinye ak mobilizasyon an paske yo estime yo detèmine epi rete kwè y ap jwenn solisyon ak ansanm revandikasyon yo.
Se anviwon 30 òganizasyon sendikal ki andose nòt sa ki rive jwenn redaksyon Juno7 la.