Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Relasyon seksyèl: fenomèn “Pénis captivus”se yon mit oubyen li reyèl? Plis detay

Relasyon seksyèl: fenomèn "Pénis captivus"se yon mit oubyen li reyèl? Plis detay

“Pénis captivus” oubyen “Pénis captif” se yon fenomèn ra ki pwodui kay gason pandan rapò seksyèl kote kòk oubyen jilbriyis gason an kole nan bouboun fi a prèske menm jan lè 2 chen kole, selon sa plizyè definisyon fè konnen nan rechèch ke nou fè.

Koze sa yon pakèt moun pou n pa di tout kapab di se manti paske se pa yon bagay moun konn tande vrèman. Se rezon kèk rechèch fè konnen Koze sa pa rekonèt medikalman paske ka yo ekstrèmman ra. Se yon nan rezon jinekològ Brigitte Letombe  deklare nan eksplikasyon li yo koze sa plis yon mit ke l medikal. Rezon espesyalis la avanse sa se paske li poko janm kwaze yon ka konsa ni tou li pa tande kòlèg li ki pale yo jwenn ka konsa, selon detay li bay ke sit “Le journal des femmes”, nan ribrik sante rapòte.

Koz fenomèn sa

Si “Penis Captivus” la pa rekonèt medikalman paske medsen pa vrèman fè fas ak li pandan egzèsis fonksyon yo, toutfwa yo pa inyore fenomèn sa ka egziste.

Journal des Femmes ki se yon sit fransè fè konnen jinekològ la malgre li konsidere fenomèn sa se yon mit, estime koz ki ka fè fenomèn sa pwodui se  kontraksyon pwolonje misk bouboun fi an ke yo rele nan langaj fransè a “vaginisme” ki se yon maladi kay fi a ki anpeche tout penetrasyon anndan bouboun lan. Koz vajinis lan trè sikolojik selon jinekològ la.

Dire kontraksyon misk vajinal yo

Pi wo nou kapab swiv espesyalis la estime se kontraksyon pwolonje misk nan bouboun fi a ki ka lakoz fenomèn “Penis Captivus” la. Apre plizyè rechèch konbine redaksyon Juno7 la, nou konkli ke kintraksyon misk nan bouboun fi a ka dire kèlke segond jiska plizyè dizèn minit, ki ta vle di si se vre se koze kontraksyon misk vajinal yo ki koz fenomèn sa, dire kontraksyon misk sa yo se tan sa kòk mesye yo ta sipoze fè anndan fi a.

Solisyon si w ta viv fenomèn sa

Se vre medikalman palan espesyalis pa viv fenomèn sa ki fè anpil konsidere l kòm yon mit menm jan anpil moun konsidere koze ale flanbe  jou vandredi sen w ap tou kole a kòm yon mit. Toutfwa, menm medsen sa yo bay fenomèn lan non rele l “Penis Captivus”, yo eseye fè rechèch epi pote solisyon. Solisyon an pa twò gwo bagay si sa ta rive yon moun. Lesansyèl la se rete kalm, pa panike, pa pran sa kòm yon dram pou misk vajen ki kontrakte yo kapab dekontrakte.

Relasyon seksyèl: fenomèn "Pénis captivus"se yon mit oubyen li reyèl? Plis detay

Dekouvri plis:

Malgre retisans anpil moun, MSPP lanse kanpay vaksinasyon kont kowonaviris

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...