Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sant Operasyon Ijans Nasyonal mande pou sitwayen yo pa kouri repare kay tranbleman tè a fin andomaje

Sant Operasyon Ijans Nasyonal mande pou sitwayen yo pa kouri repare kay tranbleman tè a fin andomaje

Sant Operasyon Ijans Nasyonal mete yon mizangad pou moun yo pa kouri repare kay tranbleman tè a fin andomaje nan Gran Sid la.

Nan yon kominike ki soti jodi samdi a, Sant Operasyon Ijans Nasyonal (COUN) mande ap popilasyon nan Gran Sid la pou pa kouri ale repare kay tranbleman tè ki te pase 14 out la andomaje.

Kominike sa fè sitwayen tèt di sa yo konnen se lè Ministè Travo Piblik fin evalye yon kay se lè sa Sektè Enfrastrikti ki anndan COUN lan ap konnen si pou kay sa repare oubyen kraze nèt.

Nan menm sans sa, kominike a raple gen enjenyè fòme anndan MTPTC ki pou fè travay sila pandan l ajoute gen yon gid ki egziste ki di kouman pou kay ki merite repare yo dwe repare.

Sant Operasyon Ijans Nasyonal la mande tout meri ak otorite lokal yo pou pran dispozisyon pou fè sitwayen yo respekte mizangad sa pandan l anonse travo piblik ap pare pou lanse nan jou k ap vini la yo evaliyasyon kay ki andomaje yo.

Desizyon sa vini apre enfòmasyon t ap sikile gen moun kay yo pa t fin kraze ki degaje yo kole pyese l epi ale viv ladan l san sipèvizyon MTPTC. Konpòtman sa te genyen l tou apre 12 janvye 2010 kote moun yo konstwi nèt oubyen repare kay yo jan lide yo di yo ki fè anpil moun panse gen yon malè pandje nan Pòtoprens si tout fwa yon lòt tranbleman tè ta fèt.

Sant Operasyon Ijans Nasyonal mande pou sitwayen yo pa kouri repare kay tranbleman tè a fin andomaje

Dekouvri plis:

Séisme-solidarité: Food for the Poor denonce le pillage de 4 de ses camions

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Haïti-intempéries : le gouvernement active le Centre d’Opérations d’Urgence Nationale (COUN). Le premier ministre Ariel Henry a annoncé, lors d’une conférence de presse ce...

Actualités

Le premier ministre Ariel Henry lance un nouveau programme d’alerte d’urgence après le séisme du 14 août. Le gouvernement, face à l’ampleur de la...

Actualités

“ceux qui veulent aider les victimes du tremblement de terre doivent passer par le COUN”, selon Ariel Henry. Il a annoncé que les aides...

Actualités

L’Artibonite et le Grand Nord sont actuellement coupés du reste du pays. Ce lundi, la population s’est réveillée et a constaté que le pont...