Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Selon MSPP gen 2 varyan Covid-19 an Ayiti

covid-19 coronavirus

Nan yon avi Ministè Sante Piblik ak Popilasyon mete deyò ki pote siyati minis Doktè Marie Gréta Roy Clément, fè konnen gen 2 varyan kowona viris (Covid-19) ministè a jwenn sou teritwa a.

2 varyan sa yo daprè MSPP se varyan brezilyen an ak pa anglè a. Avi a fè konnen Laboratwa Nasyonal ap kontinye mennen envestigasyon pou konnen konsekans varyan sayo kapab genyen pandan l ministè a souliye yo konsyan kijan varyan sa yo ka simaye byen vit anndan peyi a.

Nan sans sa avi a mande pou sitwayen yo toujou mete kachnen, lave men nou, toujou pran tanperati moun yo, pou moun respekte pa distans 1 mèt 50 lan.

Nan dènye bilan an, MSPP deklare li anrejistre 48 nouvo ka (Covid-19) pou dat 11 me a. Sa ki bay yon total 13, 353 ka konfime, 1 938 moun pase lopital, 271 moun mouri epi 12 414 moun trete. 48 nouvo ka yo, 43 ladan yo soti nan depatman Lwès la.

Dekouvrim plis:

SMCRS: en 6 mois, Magalie Habitant a mal dépensé 39 millions de gourdes selon la FJKL

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Le MSPP annonce une série de réformes pour améliorer l’accès aux soins, renforcer les hôpitaux, recruter du personnel médical et coordonner l’aide internationale. Le...

Actualités

À l’initiative du MSPP, cette activité tenue à l’hôtel El Rancho a permis au Programme National de Cantines Scolaires d’exposer les produits locaux utilisés...

Actualités

Le MSPP a vivement dénoncé cet acte de vandalisme, le qualifiant d’attaque inacceptable contre le patrimoine sanitaire du pays et une menace pour l’accès...

Santé

Un faux médicament contre le tétanos circule dans le pays, le MSPP alerte la population Le Ministère de la Santé Publique et de la...