Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Angletè: yon jèn gason 25 lane jije aprè yo te fin bare l k ap vyole yon gazèl bèf

Angletè: yon jèn gason 25 lane jije aprè yo te fin bare l k ap vyole yon gazèl bèf

Angletè: yon jèn gason 25 lane jije paske li te vyole yon gazèl bèf. Aksyon sa te pase mwa jen pase a anndan yon fèm.

Liam Brown, 25 lane, se non jèn gason sa ki soti nan vil Bournemouth, peyi Angletè, ki jije semèn ki sot pase a pou akizasyon vyòl sou yon gazèl bèf. Li gen pou l konnen pèn li 22 septann k ap vini la. Yo te arive kenbe l aprè agrikiltè yon fèm nan Burton tou prè Christchurch te enstale kamera ak alam paske l te sispèk jenòm lan toujou pran plezi rantre nan espas la epi ale fè sèks ak bèt yo, selon sa jounal britanik The Mirror rapòte.

Daprè sa ki rapòte, jenòm lan fè aksyon sa nan lannuit 12 jen ki sot pase a. Daprè sa ki eksplike, li fofile kò l nan fèm lan epi ale fè sèks ak gazèl bèf la. Yo te arive kenbe l aprè enstalasyon kamera siveyans epi yon echantiyon ADN te pran sou yon gazèl bèf ki ta pral pwouve misye vyole gazèl bèf yo vre.

Liam Brown te rekonèt li fè sa vre epi te pete kriye devan tribinal la pou aksyon sa li fè a kote li konsyan li penetre gazèl bèf la epi koze soufrans ak yon bèt ki pwoteje nan yon fèm.

Moun nan fèm yo konn Liam Brown depi tou piti paske paran l te travay nan espas la. Se responsab fèm lan ki ta pral depoze lapat sou jenòm lan epi te rele fanmi l vin gade.

Liam Brown libere sou kosyon, afè a voye devan yon lòt tribinal paske zak jenòm lan fè a yo konsidere li grav epi posib pou l pran gwo sanksyon poutèt aksyon sa. L ap konn santans li 22 septanm k ap vini la.

Angletè: yon jèn gason 25 lane jije aprè yo te fin bare l k ap vyole yon gazèl bèf

Dekouvri plis:

Résultats des examens de la 9e A.F: 85% de réussite au niveau national

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Coupe du monde 2022: les équipes d’Argentine, d’Angleterre et de France qualifiées pour les quarts. Vainqueurs de la Pologne (3-1) et du Sénégal (3-0),...

Monde

Angleterre: une mère de 29 ans donne naissance à des jumeaux de couleur de peau différente. Un phénomène baptisé jumeaux biraciaux. Chantelle Broughton, 29...

Monde

Angleterre: une maman de 50 ans a avoué au journal britannique The Sun avoir allaité sa fille Sharon jusqu’à l’âge de neuf ans. En...

Angleterre

Covid-19:L’Angleterre accuse la Russie de vouloir voler des recherches sur un vaccin contre la Covid-19 La pandémie de la Covid-19 continue de progresser de...