Connect with us

Hi, what are you looking for?

Littérature

Yon jèn profesè filozofi ekri 3 liv fransè ak yon liv filozofi pou elèv NS yo

Yon jèn profesè filozofi ekri 3 liv fransè ak yon liv filozofi pou elèv NS yo

Jeune Yves Marc se non yon jèn pwofesè filozofi ki ekri 3 liv fransè pou elèv nouvo segondè ak yon liv filozofi tou. Li te rankontre redaksyon Juno7 la epi te aksepte reponn kèk kesyon pandan l te tou pwofite bay detay sou liv sa yo

Juno7: Prezante nou kiyès ki Yves Marc la?

Yves Marc: Jeune Yves marc se yon pwofesyonèl ki gen yon fòmasyon avanse nan fransè, kilti literè fransèz ak ayisyèn. Mwen gen yon solid fòmasyon nan filizofi avèk frè Jezuit yo. San mwen p ap bliye fòmasyon nan kominikasyon. Sa yo fè de nwen yon ekriven powèt, yon anseyan, yon filozòf “stoïcien” epi yon jèn angaje pou koz jenès ayisyèn lan.

Juno7: Èske ou nan koze ansèyman, si wi depi kilè?

Yves Marc: Wi sa fè 8 an deja. Mwen se chèf fòmatè yo nan filozofi ak kominikasyon.

Juno7: Ou ekri plizyè liv pou nouvo segondè, f on ti pale n de liv sa yo?

Yves Marc: Mwen ekri twa liv fransè pou NSI II ak III, avèk liv filozofi a. Nan chak paj yo w ap jwenn yon leksik ki defini konsèp ki nan paj la. Nan pye chak paj w ap jwenn obsèvasyon ak remak.
Nan fen chak chapit w ap jwenn kesyon ki ap ede w rezime chapit ou sot li a.

Juno7: Poukisa se chwa liv sa yo?

Yves Marc: Lè M ap gade vid ki genyen nan kesyon nouvo segondè sa a sou plan dokiman, mwen
trouve ke li se yon obligasyon pou m produi yon bagay ki ap sèvi jenès la epi mete edikasyon an sou menm nivo nan tout peyi a.

Juno7: Èske ouvraj sa yo koumanse ap sèvi nan lekòl?

Yves Marc: Wi , se sou fòm pwojè pilòt pou m te ka gade nivo enpak ak adaptasyon metodolojik
la nan milye edikatif la.

Juno7: Kisa k diferan de liv pa w yo parapò ak lòt yo ki te egziste deja?

Yves Marc: 1- yo konplemantè ak pwogram Leta a.
2- yo fasilite konpreyansyon non sèlman ak egzèsis men sitou avèk ajisteman mwen fè nan chak chapit pou nosyob entwodiksyon pou chak nouvo konsèp.
3- chak paj yo tout gen leksik li pour pèmèt chak paj parèt klè epi konpreyansib.
4- yo pa kopi oubyen konpilasyon. Yo respekte nòm metodolojik ansèyman an.

Juno7: Kisa w ap atann kòm rezilta oubyen feedback?

Yves Marc: Ke Leta oubyen enstans konsène yo kit prive oubyen entènasyonal ede m pwodui plis pou m al pote l bay elèv ki nan zòn ki rekile yo. Lè n ap byen reflechi, yo se moun ki pi maltrete nan sistèm lan. Yo pa ka jwenn dokiman, ankò mwens pou yo ta jwenn nivo edikasyon
pou tout ke nou tout swete a.

Juno7: Apre plizyè lane yo enplante nouvo segondè an Ayiti, kijan w wè nouvo sistèm sa nan edikasyon pa nou an?

Yves Marc: Nouvo segondè se pwogram ke yo eseye nan plizyè lòt peyi. Genyen ki adapte
avè l, gen lòt tou ki pa ka adapte avè l. An Ayiti, nou rantre ladann san preparasyon sa vle di ke
Leta po t ko prepare pou pwogram sa a. Pase de prosesis redui ki se pakè a pou ale nan pwosesus pwodiksyon. Sa pa ka fèt de jodi a rice demen. Dayè nouv segondè a mande fòk elèv la konn pwodui.

Pou w pwodui fòk ou li anpil epi fòk ou respekte metòd ekriti ak pwodiksyon san nou pa pale de gramè. Mank preparasyon sa fè nenpòt kèlkonk elèv fè filo. Se yon pwogram ki ta dwe repanse pou sistèm edikatif ayisyen an.

Juno7: Ki kote moun ap ka jwenn liv sa yo epi ak ki pri y ap ka retire yo?

Yves Marc: Mwen vle plis fè kado l ke vann yo paske rèv mwen se remete liv nan men elèv. Nou tout wè a klè kote retire liv nan men jenèq la mete nou.

Juno7:Yon mesaj pou n fini

Yves Marc: Jèn yo an n montre ke edikasyon kapab toujou genyen epi jenès la se motè peyi a. An n adopte opsyon pou n met an valè lekòl. N ap pwouve yo ke nou gen valè,l epi n ap bay valè ak tout sa ki gen valè. Lapè nan mond lan, bonè ak pwosperite sou Ayiti de jodia pou l pa janm fini.

Dekouvri plis:

COVID-19: Des milliers de nouveaux cas enregistrés en France en 24 heures

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Littérature

J’apprends avec Cate se yon nouvo ouvraj Madam Nicaëla Bien-Aimé soti pou timoun de 2 a 6 lane. Majistwa adjwent komin Gonayiv la soti...

Annonces

Ce jeudi 22 mars a 17h, à la Réserve, Renald Luberice signe son dernier ouvrage “Au nom d’une fille”. L’auteur défend la participation des...