Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Yon gwoup òganizasyon nan Latibonit prezante yon pwopozisyon pou yon  tranzisyon “koupe fache”

Yon gwoup òganizasyon nan Latibonit prezante yon pwopozisyon pou yon  tranzisyon "koupe fache"
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon ansanm òganizasyon ak pèsonalite nan depatman  Latibonit prezante bay peyi a yon pwopozisyon pou yon tranzisyon.

Fas ak jan sa ap pase depi aprè lanmò prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a, ki kite anpil pawòl anpil ki fè poko ka gen okenn konnsansis, yon gwoup sitwayen anndan Latibonit prezante yon dokiman final sou pwopozisyon pou yon tranzisyon koupe fache selon sa k ekri anndan dokiman sa ki vin jwenn redaksyon an.

Selon manb siyatè yo, tranzisyon sa dwe aji sou 2 gran aks ki se konjonktirèl ak estriktirèl.

Nan dokiman sa, pou aks konjonktirèl la, siyatè yo mande pou elimine tout dekrè anti konstitisyonèl Jovenel Moïse te pran, retounen sou lòt desizyon ki pran dèyè do lalwa, libere prizonye politik, elimine franchiz yo elatriye…

Nan aks estriktirèl la, dokiman sa pwopoze pou yo manyen chantye politik, ekonomik, sosyal, edikatif, jistis, kiltirèl ak fiskal, yo estime fòk gen yon mezi an pwofondè ki pran sou diferan chan sa yo.

Yo swete yon egzekitif ki gen 2 tèt kote prezidan ak premye minis lan dwe yon moun onèt, kredib, entèg epi ki enspire konfyans.

Yo swete pou gen 14 ministè sèlman epi pwopoze yon Konsèy Kontwòl Nasyonal(KNN) ki pou kontwole aksyon gouvènman tranzisyon an. Konsèy sa dwe gen 22 moun ki repati 2 manb nan chak 2 depatman epi 2 manb nan djaspora a ki vin bay 22.

Yo fini pou di ke yo rete ouvè pou tout diskisyon sensè ki enskri nan demach pou jwenn yon solisyon ak kriz peyi a ap travèse.

Moun ki siyen dokiman sa se Exantus Reynald( Opl), Noelsaint Donald(Lakay) , Garçonnet Paul André( Lakay), Ledix Quesnel( tab konsetasyon) Michel Maques( personnalite) Estimé Violette ( G.F) Luc Rosemond( Kozepep) Dessalines Emmanuel( tab konsetasyon )Fontilus Richemond(Grap) Sagard Wilfrid ( tab konsetasyon).

Yon gwoup òganizasyon nan Latibonit prezante yon pwopozisyon pou yon  tranzisyon "koupe fache"

En savoir plus:

Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Des membres de l’ambassade de Suisse en Haïti sont arrivés à Pedernales escortés par une équipe de sécurité...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Des Plateformes politiques proposent deux scénarios de sortie de crise. Des Plateformes politiques dont la Plateforme Résistance Démocratique,...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Le Parti Force Louverturienne Reformiste fait appelle à une entente entre les forces vives du pays pour une...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Fas ak sitiyasyon kriz la, Platfòm Politik Rezistans Demokratik angaje l pou jwenn yon solisyon Fas ak sitiyasyon...