Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Kèk konsekans pa fè sèks souvan ka genyen sou bouboun medam yo

Kèk konsekans pa fè sèks souvan ka genyen sou bouboun medam yo

Rapò seksyèl oubyen fè bagay se yon pratik ki mete 2 moun ansanm k ap chache plezi youn lòt oubyen youn ap bay lòt plezi nan pratik sa.

Dèfwa tou konn gen gwoup moun k ap fè bagay, se sa yo rele “orgie” nan lang fransè a. Pa bò isit nou ba li non “Krèy”. Menm jan an tou, nou pa ka inyore moun ki gen menm sèks ki ap fè bagay antre yo toujou pou chèche plezi.

Jodia, nou pa vrèman vin abòde koze fè bagay men pito konsekans sa ka genyen sou bouboun yon fi swa ki pa janm fè bagay nan vil oubyen ki poze sou pratik sa. Se rezon sa, nou te rankontre ak Faïly Anderson Trazil ki se yon etidyan medsin anndan UNIFA ki espesyalize l nan rechèch sou medsin prevantiv ki t’ap ba nou detay.

Byen avan jèn espesyalis la te rantre nan fon sijè a, li te fè yon rapèl pou eksplike gen moun ki te kòmanse fè bagay epi ki chwazi kanpe sou pratik sa pou yon pakèt rezon pèsonèl.

Nan lòt entèvansyon Faïly yo, li eksplike gen fi ki te konn fè sèks epi ki kanpe paske nan tèt yo, yo panse yo ka tounen vyèj ankò. Espesyalis la fè konnen non sa pakab fèt si se konsa. Toutfwa, li fè konnen yon fi ka retounen posede imèn li lè li fè yon operasyon ki rele “Imenoplasti”.

Konsekans pa fè sèks

Nan konsekans pa fè sèks ka genyen sou bouboun fi a, Dr Faïly eksplike li kapab chanje anvi fi a lè l rete li chwazi pa fè sèks oubyen fè l chak yon long dire. Selon detay li bay, li gen dwa fè fi a pa janm sou sèks epi pèdi sansasyon, li pa gen menm gou a.

Pi lwen nan eksplikasyon li yo, Faïly Anderson Trazil fè konnen si fi a po ko nan laj menopoz epi li gen anpil tan li pa fè sèks, jèn etidyan an medsin lan di bouboun lan gen kapasite pou pèdi elastisite natirèl li sa ki kapab koz li vin ratresi, lè sa a penetrasyon an ap difisil oubyen li kapab elaji tou, penetrasyon vin pi fasil, selon sa l di.

Pa fè sèks souvan ka koz fason bouboun fi a konn mouye a kapab chanje. Sa ka rive lè li ale fè l, bouboun lan vin plis mouye ke avan oubyen li mwens mouye, si n kwè detay Faïly Anderson Trazil yo.

Faïly te fini pou l di bouboun fi a kapab sèk tou ki pou li pa bon koz bouboun lan sipoze mouye. Li menm konseye medam ki ta wè bouboun yo sèk pou ta ale wè doktè paske yo ka soufri sechrès vajinal.

Dekouvri plis:

Le SDP rompt définitivement toute relation de travail avec la DIRPOD

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...