Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Taliban yo egzije pou etidyan fi yo kouvri vizaj yo epi pa nan menm sal ak etidyan gason yo

Taliban yo egzije pou etidyant yo kouvri vizaj yo epi pa nan menm sal ak etidyan gason yo
Getting your Trinity Audio player ready...

Taliban yo nan yon dekrè egzije pou etidyan fi yo pote vwal epi pa nan menm sal ak etidyan gason yo.

Nan yon dekrè Ministè Ansèyman Siperyè nan peyi Afganistan pran samdi pase a pandan ouvèti pòt inivèsite anndan peyi sa pou jodi lendi an, otorite peyi sa k ap dirije pa Taliban yo depi 15 out pase a egzije pou medam k ap gen pou ale nan inivèsite pote yon “abaya” nwa epi kouvri vizaj.

Menm dekrè tèt chaje sa rejim Taliban an pran an mande pou etidyan fi yo pa nan menm sal ak etidyan gason yo. Sa k pi terib la, dekrè sa mansyone pou medam yo kite sal yo 5 minit avan mesye yo pou ale nan yon sal datant ke inivèsite yo dwe mete la pou sa. Gason yo dwe ale lakay yo avan epi aprè medam yo ap kite sal datant lan pou ale.

Menm dekrè tèt chaje sa mande pou inivèsite yo rekrite anseyan fi pou etidyant yo oubyen rekrite anseyan gason ki ti granmoun ki pa t gen okenn etikèt granmoun dezòd, granmoun malsen sou po do w.

Soti 1996 pou 2001, lè Taliban yo t ap dirije Afganistan, yo te egzije kesyon Abaya sa ki se yon gwo vwal ki kouvri tout kò medam yo ak Niqab ki se yon vwal ki kouvri vizaj kote se sèl ti tou je a moun ka wè. Sa ki te fè anpil fi pa t al lekòl oubyen nan inivèsite epòk sa. Nouvo dekrè sa fè anpil moun ap kesyone pou di Taliban yo pral fè menm represyon an.

Plizyè responsab inivèsite ap plenyen pou di pa gen ase anseyant pou etidyan fi yo. Yo pa gen ase espas pou fè sal apa pou gason ak fi. Yo mansyone tou pou di yo pa gen gwo sal pou sèvi sal datant pou etidyant yo tann etidyan gason yo ale.

Yon sitiyasyon ki montre jan bagay la koumanse konplike pou afgan yo ki te panse yo libere de Taliban 20 lane ameriken te fin pouse do yo sou pouvwa a.

Taliban yo egzije pou etidyant yo kouvri vizaj yo epi pa nan menm sal ak etidyan gason yo

Dekouvri plis:

“N ap Mache Pou Lavi” fait une analyse comparée des propositions de sortie de crise

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afghanistan: les talibans ont interdit aux hommes et femmes de manger ensemble au restaurant dans la ville d’Hérat. ...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afganistan: les Talibans interdisent aux barbiers de la province Helmand de raser la barbe de leurs clients. Plusieurs...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afganistan: Lekòl relouvri pòt sèlman pou gason, ti fi pa ladan l. Jodi samdi 18 septanm lan, lekòl...

Monde

Getting your Trinity Audio player ready... Afganistan: Non konplè ak laj 13 sòlda ameriken ki mouri nan atanta ayewopò Kaboul la Jedi 26 out...