Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Teknik preparasyon tradisyonèl Soup joumou enskri ofisyèlman nan Rejis Nasyonal Patrimwàn Kiltirèl Ayisyen an

Teknik preparasyon tradisyonèl Soup joumou enskri ofisyèlman nan Rejis Nasyonal Patrimwàn Kiltirèl Ayisyen an

Nan yon kominike ki date 21 desanm 2020 ki pote siyati minis kominikasyon ak kilti a, Pradel Henriquez, enfòme popilasyon an, patikilyèman espesyalis nan koze kilti ak patrimwàn ke teknik pou prepare soup joumou ke yo rele tou soup endepandans ofisyèlman enskri nan Rejis Nasyonal Patrimwàn Kiltirèl Ayisyen an ki ap jere pa direksyon patrimwàn kiltirèl enstitisyon sila.

Nan sans sa, ministè kilti pa entèmedyè titilè li, Pradel Henriquez, raple ke desizyon sa pran an referans a atik 215 konstitisyon an ak aplikasyon atik 1 ak 2 konvansyon sovgad imateryèl ratifye pa palman an 19 fevriye 2009 epi yon lòt bò ak alineya 2 nan atik 4 dekrè sou dwa dotè ak dwa vwazen ki te pran an 2005, pou l fè konnen ke soup joumou ki s on eleman patrimwàn imateryèl pwoteje kounya pa lalwa.

Kominike a avèti ke tout eksplwatasyon komèsyal kapab fè moun tonbe anba sanksyon lalwa.

N ap raple w chak premye janvye, li vin yon koutim pou ayisyen an bwè soup joumou, yon koutim ki date depi 1e janvye 1804 apre lendepandans nou kòm premye pèp nwa, depi lè sa konpatriyòt ayisyen yo toujou fè soup kòm manje 1e janvye. Yon koutim anpil ayisyen kenbe menm lè yo pati kite peyi a.

Dekouvri plis:

2 agents de l’USGPN tués dans un accident, des impacts de balles remarqués sur leur véhicule

Plus de contenu

Société

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a Nan okazyon premye komemorasyon 219vyèm anivèsè endepandans...

Culture

La nouvelle est tombée environ deux semaines avant la célébration de la fête de l’indépendance de la première République noire du monde : Haïti. Cette...

Monde

La Soup joumou d’Haïti rentre désormais dans le patrimoine immatériel de l’humanité à la suite d’une décision de l’UNESCO. La grande mobilisation de la...

Actualités

UNESCO : La “soup Joumou” d’Haïti en passe d’intégrer officiellement le Patrimoine culturel immatériel de l’Humanité Deux mois après que le ministre de la...