Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

APS ap pare pou lanse 2è edisyon fwa sou seksyalite

APS ap pare pou lanse 2è edisyon fwa sou seksyalite

Platfòm Ann Pale Seksyalite (APS) nan yon kominike pou laprès anonse dezyèm edisyon aktivite fwa sou seksyalite pou samdi 28 novanm 2020 an, nan lokal BANJ, ki sou wout Dèlma a.

Gen plizyè lòt aktivite an liy ki pwograme soti 27 novanm pou rive 1e desanm.

Nan yon ti pale ak Jean Luc Dufresne, responsab kominikasyon, sou aktivite sa, li te pwofite pote eksplikasyon nan detaye pou nou kisa ki platfòm APS la epi kisa kipouse ekip platfòm sa vini ak yon aktivite konsa.

“Ann pale seksyalite se yon platfòm ki la pou fòme, edike epi aprann sosyete a kijan pou yo viv byen seksyalite yo”. Li te kontinye pou l di: “Se paske nou remake jèn yo gen difikilte pou yo jwenn kote pou yo pale oubyen aprann plis de kò yo, sou kijan pou yo viv seksyalite yo ki fè nou vini ak platfòm sa”.

Se pou rezon sa yo daprè Jean Luc Dufresne ki fè ekip la ta pral vini ak yon aktivite konsa pandan l bay detay yo konsa: “Ide a vini depi ane pase pou te fete premye ane platfòm lan, nou te deside fè yon fwa. Yon aktivite ki te reyisi paske nou te remake anpil moun te swaf sa”.

Ane a, pou dezyèm edisyon an, tèm òganizatè yo chwazi se “Aprann byen konnen kò w yon meyè fason pou viv seksyalite w”. Daprè eksplikasyon responsab kominikasyon aktivite a, tèm sa soti nan konplèks moun genyen ak kò yo

“Nou vle envite yo aprann de kò yo nan demistifye tout sa yo te konnen avan ak tout vye prejije. Nou remake konplèks sa yo se premye eleman blokaj ki anpeche yon moun byen jwi seksyalite l”.

Aktivite jounen 28 novanm anndan fwa sa ap anpil si n refere n ak detay Jean Luc Dufresne yo ki fè nou konnen fwa a ap fèt an 2 pati. 1e pati se pou ekspozisyon kote lis ekspozan yo se Profamil, IYAFP, Kouraj, Libre La Pléiade, Plezi Pam Sextoys, Kookie Lingerie, Cocktail de Lilie elatriye. Dezyèm pati a konsakre ak panèl diskisyon k ap abòde plizyè sijè tankou pratik seksyèl yo ki enpak sou kò ak lasante, l’hypersexualisation du corps de la femme, c’est quoi?

Jean Luc Dufresne fè konnen tout bagay sanse pare pou aktivite a pandan l enfòme nou fidbak la pozitif bò kote piblik la ki t ap tann aktivite sa depi mas men ki pa t ka fèt akoz Kowonaviris la. Responsab kominikasyon an di ekip la espere deba k ap gen sou seksyalite a yo swete yo pa rete sou rezo a sèlman men patisipan yo ka pote yo ale nan lekòl, inivèsite pou deba a ka ale pi lwen ke sa.

Fòk nou note ke se 500 goud pou w peye pou w ka patisipe nan fwa sou seksyalite a k ap fèt nan lokal BANJ, 28 novanm, soti 9 vè 30  nan maten pou rive 6 zè nan aswè. Soti 27 novanm pou bout 1e desanm, ap gen deba an liy sou plizyè sijè, entènot yo ap ka swiv yo sou plizyè paj pami yo FOKAL ak Ann Pale Seksyalite.

Dekouvri plis/

Fantom 509 nan lari, 2 machin boule sou Lali

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...