Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ajantin – Angletè: Maradona fè gòl a men, abit santral match sa ap bay detay

Ajantin - Angletè: Maradona make ak men, abit santral match sa ap bay detay

25 novanm pase a, foutbolè ajanten an, Diego Maradona mouri. Pandan karyè l, li te arive make yon gòl a men goch fas peyi Angletè, 22 jen 1986, anndan yon mondyal. Yon jès ki te fè anpil pale.

Abit rankont match sa, Ali Bennaceur ki se yon tinizyen toujou gen souvni rankont ak jès ansyen foutbolè Naples la nan tèt li. Kote nan 51e minit, li make ak men goch li pou l te bay Peter Shilton gòl. Abit la di li pa t wè men Maradona, men l te gen dout.

“Mwen pa t wè men, menm te gen dout. Ou ka gade imaj yo, mwen f on rekile pou m pran avi 2e abit la, li konfime m gò l la bon, mwen bay li”.

2e abit la ki rele Dotchev, yon bilga, ki mouri an 2017, te avwe avan l mouri ke FIFA te ba l 9,4 kòm nòt pou match sa.

“FIFA te ban m yon nòt 9,4 sou match sa. Mwen fè sa m te dwe fè, men te gen konfizyon”. Pandan l avwe ke l te wè 2 bra, li di l pa t twò an mezi konnen si se bra gadyen Shilton oubyen Maradona.

Nan menm match sa, pou moun ki gad foutbòl anpil kapab sonje Maradona te fè yon bèl gòl pou l te mete match la 2-0. Ansyen antrenè ekip Ajantin lan te pati poukò l depi nan mitan teren an pou ale jis nan kan Shilton lan pandan li t ap triye jwè anglè ki te tante plizyè fwa fè l tonbe.

Abit tinizyen an ki gen 76 zan kounya di nan aksyon sa, chak fwa Maradona leve lè anglè yo tante fè l tonbe, li te dèyè l paske l te getan ap prepare pou l bay penalite depi aksyon danje ta prezante.

“Mwen te prepare pou m sifle yon penalite si aksyon danje ta fèt sou li. Mwen te panse apre 50 mèt efò, yo ta pral bat li pou jete l atè, men balon an rantre nan kan Shilton”.

Abit santral sa di s on fyète pou li pou l te viv bèl bagay sa yo pandan rankont sa. Yon rankont ki te gen tinizyen an kòm abit santral, bilga Dotchev kòm dezyèm abit epi yon kostariken ak yon malyen.

N ap raple w Maradona mouri 25 novanm lan a 60 tan, nan peyi Ajantin, apre yon kè rete (arrêt cardiaque). Peyi Ajantin rann li anpil omaj epi te dekrete 3 jou dèy nasyonal. Plizyè klèb li te pase ak mond foutbòl la pa sispann fè lwanj pou talan l epi ba l omaj. Li antere 26 novanm lan, nan kav fanmi l touswit apre yo te fin ekspoze l nan palè prezidansyèl peyi Ajantin kote te gen twofe koup di monn li te ranpòte an 1986 ki te ekspoze kote l.

Dekouvri plis :

“ Li domine m” ap fè chemen l sou YouTube, plizyè entènot fè reyalizatè a konfidans

Plus de contenu

Monde

Accusés d’homicide involontaire, les huit professionnels de santé qui ont soigné Maradona seront jugés et risquent jusqu’à 25 ans de prison Les médecins et...

Sports

Record: le maillot que portait Maradona face à l’Angleterre en 1986 vendu aux enchères pour 9,3 millions de dollars Lors d’une vente aux enchères...

Actualités

Diego Maradona : le tribunal déclare que son corps “doit être conservé” pour les tests de paternité Enterré le 26 novembre dans un cimetière...

Actualités

Leo Messi a écopé d’une amende de 600 euros pour avoir rendu hommage à Maradona Pour avoir retiré son maillot pour afficher celui de...